Now Reading:
1e janvye 1804 – 1e janvye 2021 : sa fè dat pou dat, 217 lane depi Pèp Ayisyen an ap selebre Fèt Endepandans li.
Full Article 4 minutes read

1e janvye 1804 – 1e janvye 2021 : sa fè dat pou dat, 217 lane depi Pèp Ayisyen an ap selebre Fèt Endepandans li.

Nòt pou laprès

Pòtoprens, 1e janvye 2021

1e janvye 1804 – 1e janvye 2021 : sa fè dat pou dat, 217 lane depi Pèp Ayisyen an ap selebre Fèt Endepandans li.

Istwa Peyi Dayiti se istwa yon pèp ki gen kouraj ak anpil fòs.

Jan nou konnen l deja, Revolisyon Ayisyèn lan nan lane 1789 – 1804 ta pral debouche ak redaksyon tèks lendepandans lan nan Gonayiv. San konte, gwo enpak aksyon sa a kite kòm eritaj nan mond lan. N ap raple se ta pral premye fwa, yon pèp nwa ta pral pran endepandans li. Batay sa a, zansèt yo te mennen an, te montre volonte yo te genyen pou te koupe fache ak tout fòm eksplwatasyon sistèm sa te mete an plas. Amelyore kondisyon lavi epi ofri yon peyi lib e libè te senbolize objektif prensipal batay la. LIBÈTE ou LANMÒ, se ak deviz sa a batay la te rapouswiv pou rive bay 1e janvye 1804.

Nan okazyon dat istorik sa a, Biwo Minis delege k ap jere koze Sitwayènte ak Patriyotis ap salye pèp ayisyen an epi swete li yon Bòn Ane 2021 ak yon Bòn Fèt Lendepandans nan solidarite ak inite Zansèt yo te montre nou. Pandan n ap raple tou sans Solidarite ak Inite, Zansèt yo pat sèlman bay peyi a endepandans, men tou libète pou chak grenn sitwayen kapab deside dwa lavi yo, epi pran avni yo an men. Kesyon sa a ta pral ranfòse ak konbit Soup Joumou Zansèt yo te pataje, Soup endepandans lan.

Jounen jodia se nan menm lide sa a ke Administrasyon Moïse-Jouthe lan vle avanse ak peyi an pou mete l sou ray devlopman dirab.

Yon Devlopman ki pa ka fèt san eleksyon kote tout moun dwe jwe wòl sitwayèn yo sitwayen yo.

Yon developman ki pa ka fèt san yon Konstitisyon solid pou baz estabilite gouvènans politik, ekinomik sosyal byen chita.

Sepandan, chire pit nan tout Sektè nan lavi nasyonal lan lakoz anpil kriz politik ak boulvès nan sosyete an. Lavi chè, ensekirite, vyolans sou fanm ak Tifi ap layte kò li sou tout peyi an.Zansèt yo pat goumen pou chire pit ap vale teren jouk jounen jodi nan mitan Pèp lan. Se yon ijans jounen jodi pou van chanjman an kòmanse soufle nan Peyi an. Se pou sa, Ekselans Prezidan Jovenel Moïse ankouraje pwosesis elaborasyon pwojè yon nouvèl Konstitisyon ak reyalizasyon eleksyon nan lane 2021 an pou avansman devlopman peyi an.

Nan nouvèl Konstitisyon sa a, pèsonn pa dwe rete dèyè ni mete sou kote. Tout kouch nan Sosyete an konsène : peyizan, dyaspora, fanm, jèn, ouvrye , etidyan, elatriye. Se yon mannyè pou tout sektè bay dizon yo an granmoun nan zafè peyi yo.

Ane 2021 ki se yon ane elektoral, se yon okazyon espesyal pou nou demare nan tèt ansanm. Se pi bon moman pou Pratik solidarite tounen nan mitan pèp ayisyen an. Se pi bon moman pou demontre atachman sitwayen chak grenn Ayisyen, Ayisyèn pou peyi an.

Zafè politik peyi an konsène nou tout e tout moun dwe patisipe. Se pou sa a, li enpòtan anpil pou chak Sitwayen genyen yon pyès idantite pou l kapab jwi Dwa politik ak Sivil li. Administrasyon Moïse-Jouthe lan ap kontinye pote anpil enterè sou Kanpay idantifikasyon Nasyonal la.

Sonje, se nan linite, peyi a ap kapab vanse.

Se nan linite, amelyorasyon kondisyon lavi Pèp Ayisyen an chita. Li lè li tan pou chak grenn Ayisyèn angaje l.

Linyon fè lafòs.

Bòn Fèt Endependans
Bòn Ane 2021

Biwo Minis delege k ap jere koze Sitwayènte ak Patriyotism
Minis Guy André François Junior

-FEN-

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.