Now Reading:
Alelouya ou alevouzan pou Pè Pewon
Full Article 3 minutes read

Alelouya ou alevouzan pou Pè Pewon

Par Mérès Wèche

C’est une nouvelle série de textes titrée « Kozman », produite par l’écrivain, peintre et critique d’art, Mérès Wèche. Des textes d’une rare beauté qui se situent dans le croisement du conte et de la poésie. Dans cette nouvelle série, l’auteur va à la rencontre de l’histoire du Père Perron, lors du passage en 1954 du cyclone Hazel à Jérémie.

Kozman 1

Nan Jérémie, epòk siklòn Azèl, se Pè Pewon ki te sèl Pèpap
Li te menm rive divize klas milat la an pwotestan ak katolik
Tankou nan peyi Irland, kote n wè tout kretyen fin pèdi kap
Tout sa Pè Pewon di se pawòl sakre, tout sa l touche se relik

Kozman 2

Nan epòk saa, ti lekòl Madan Alen an t ap al tounen Kolèj Alen
Nan kout kat la, li te egziste byen lontan avan Kolèj Senlwi rive
Pè Pewon di Pyè Sansarik zafè kolèj pwotestan saa pa fè l byen
Se pou l monte nan Okay al wè Monsenyè Koliyon prese-prese

Kozman 3

Épòk saa, Pè Pewon te derefize marye moun wouj ak moun nwa
Kouzen Dodo te manke koupe tèt li ak yon bèl ti manchèt koulin
Si maryaj Milat Lisyen ak bèl Nègès Rèn pa t selebre jou swa saa
Koup la pase tray, men yo rive vyeyi ansanm, kon Solèy ak Lalin

Kozman 4

Pè Pewon, sèl kòk chante, te lage 2 gidon dèyè peleren Pyèpòl
Ki te sot Okap vin mennen yon pelerinay nan Jérémie pou kòl
Diktatè legliz katolik saa te di l pou l te rache manyòk li trapde
M sonje chante saa moun yo t ap chanteː “Ave, ave, ave Maria“
Anpil moun te mache ak li, ap priye, chante, tout kote yo pase
Apre sa, siklòn Azèl te pote malè; moun yo te modi Pè a pou sa.

Kozman 5

Pè Pewon te bay anpil fwaye koudeta, nan non Senlwi Wadfrans
Lè saa tou, lajan pou peye klas lamès te monte pi wo nan paradi
Anpil chèf fwaye t ap monte lesyèl pa do, afòs yo te nan soufrans
Lapenn lanmou te fè anpil nan yo kase lapip san okenn vrè maladi

Kozman 6

Pè Peron saa te rive monte anpil kabann al preche levanjil Kwis la
Lè yo te leve l Jérémie, li te lè, l te tan, paske anpil bonèt te chavire
Se sitou nan konfesyon li te konn anpil sekrè fanmi ke l te fin delala
Paske l te konn tout zen, tout mwayen pou l itilize pou l bay palavire.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.