Nòt pou laprès: 18 novanm 1803 – 18 novanm 2020 : 217 lane depi pèp ayisyen an ap jwi rezilta viktwa batay Vètyè zansèt nou yo te mennen pou derasinen kolon fransè nan peyi an.
18 novanm 1803 se yon dat istorik ki make respè pèp ayisyen anfas limanite. Istwa endepandans pèp ayisyen an se istwa fondman respè Dwa moun. Nan okazyon gwo dat istorik sa ki raple nou Batay Vètyè, Batay...