Now Reading:
Kranp Feguerson Thermidor: yon pwezi sinematografik
Full Article 2 minutes read

Kranp Feguerson Thermidor: yon pwezi sinematografik

Atik Manno Ejèn*

KRANP oubyen Twa powèm pou leta 2, se yon pwezi repòtaj ki ekri tou cho, prèske an dirèk. Yon ekriti ant yon langaj kolorye ak yon pawoli chantrèl. Powèt la fè li jounalis fotograf pijis, kameramann tele. An « TSN »,yon pwezi sinematografik kote powèt la ape prezante nou divès kliche an gwo plan, pòtre an kat dimansyon, eta yon vil peyi alatik,ki pran nan tout anng, k ape depafini anba kout dan yon kanibalis deta k ape mòde vil la nan kote ki fè pi mal, pi sansib yo:  » … mòde vil la nan dwèt… nan pous, nan kuis… Zoum sou yon leta lougawou k ape prije, peze souse yon vil jouk nan dènye degout malsite li.

« kite m di w cheri

kòman peyi a leve lè bri bal tounen bo

suiv bonnanj nou

tout san fèmen pòt

lari pran jwe ak bonnanj ti bebe

n ap degoute souf

lanmò ap degoute nou

syèl nou chire vwa nou tounen mizik

envante malè nou »

Nan yon patisip / aksyon, ekriti powèt la  » live « , an dirèk, powèt la pa rete endiferan devan reyalite sovkipe ki lage atè plat. E se ak yon rèl tou delkachte l ape livre nou fon nanm li tou merilan ki pote sou bò goch li tout lapenn vil la k ape deperi devan zye li, anba plim li.

« limanite manje idantite mwen

lenfini blese souf nou

yon ti bebe fenk fèt

pote doulè Pòtoprens sou vant li

kè m gwòs inosans timoun

k ap bay limanite manti ak kò yo

lè lannuit site non

tout fanm twotwa joure »

*Powèt, nouvelis, eseyis

Prezidan fondatè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK)

Manm Sosyete Koukouy                                       

______________

PS: SiBelle Haïti veut produire un travail de qualité dans le secteur, et pour cela, souhaite vivement financer son programme pour qu’il puisse durer. Si vous êtes intéressés à contribuer ou à aider, envoyez un mail à sibellehaiti@gmail.comnotre équipe s’entretiendra avec vous pour savoir comment vous pouvez le faire.

N’hésitez pas à aimer nos pages Facebook, Twitter et Instagram, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.