Now Reading:
Nòt Biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap jere dosye Sitwayènte ak Patriyotis lan sou konjonkti aktyèl la
Full Article 3 minutes read

Nòt Biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap jere dosye Sitwayènte ak Patriyotis lan sou konjonkti aktyèl la

Biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap jere dosye Sitwayènte ak Patriyotis lan retire chapo l pou l salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen an nan konjonkti espesyal sa kote li angaje l nan lit pou kwape pwopagasyon kowona viris la sou tout teritwa peyi Dayiti.

Kowona viris la se yon maladi ki kontajye anpil e li ka lakoz lanmò si pa gen swivi medikal ki fèt atan. Kidonk, nan kontèks difisil sa a ki pa lese endiferan pyès peyi nan mond lan, Otorite nan peyi Dayiti, espesyalman otorite sanitè yo, anba enstriksyon Prezidan Repiblik lan, SEM Jovenel Moise ak Premye Minis peyi an, SEM Joseph Jouthe, bay yon bann ak pakèt konsiy chak sitwayen ayisyen dwe respekte pou yo ka fè fas ak pwopagasyon maladi a sou tè peyi Dayiti. Entwodiksyon maladi an nan peyi a se yon gwo batay ki angaje tout pèp ayisyen an. Viktwa sila a posib si tout sitwayen koute, sansiblize epi aplike tout konsiy otorite yo, san manke youn.

Maladi a pa epanye okenn moun, se yon viris demokratik, li ka atake nenpòt ki moun san distenksyon san gade laj, koulè ak orijìn sosyal, ekonomik epi politik. Nan sans sa, li se yon obligasyon pou tout sitwayen, tout asosiyasyon ak òganizasyon yo angaje yo nan pataje mesaj ak konsiy MSPP yo nan fanmi ak antouraj yo. Paske, yon kokennchenn tèt ansanm mele ak respè prensip yo ap ede n sòti ak tèt wo nan enpas difisil sa a.

Toujou nan menm lide sa a, Biwo Minis delege an, nan non tout administrasyon Moise-Jouthe la ap pwofite atire atansyon tout moun nèt sou diskriminasyon kèk gwoup moun vle lage sou do kèk konsitwayen ki ta malad oubyen gen sentòm ki gen rapò ak maladi a, jouk rive nan fè atak sou yo. Mòd pratik sa yo kondanab, yo pa nòmal epi yo p ap ede n travèse moman difisil sa a ki mande gwo solidarite ant tout pitit peyi a. Okontrè, se aplike konsiy otorite yo, espesyalman otorite MSPP yo kòm sa dwa pandan nap ede sila ki ta malad yo rive sove vi yo nan fè gwo jès tèt ansanm, san bliye pwoteje tèt nou pou n pa trape maladi a. 

Ann kontinye fè konbit solidarite youn ak lòt nan respè konsiy sanitè yo. Li enpòtan pou  nou fè konfyans sèlman ak enfòmasyon ki sòti nan bòn sous, sètadi enfòmasyon otorite MSPP yo bay. Dayè, se youn nan mwayen pou nou pa alame epi anpeche n reyaji anba gwo kè sote.

Pou fini, biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap jere dosye Sitwayènte ak Patriyotis lan ap ankouraje chak sitwayen pou yo swiv, pataje epi respekte tout  konsiy otorite ki la pou sa yo, pou yo evite alame pandan y ap reyaji kòm  bon sitwayen ki kwè nan tèt ansanm ak vitwa pèp ayisyen an sou maladi sa a. Nou kapab si nou chwazi aplike, kolabore epi sipòte youn lòt.

 

Inite kominikasyon biwo Minis lan

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.