Now Reading:
Nòt biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan pou koze sitwayènte ak patriyotis lan nan okazyon 213 lane komemorasyon lanmò Jean-Jacques Dessalines
Full Article 3 minutes read

Nòt biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan pou koze sitwayènte ak patriyotis lan nan okazyon 213 lane komemorasyon lanmò Jean-Jacques Dessalines

Pòtoprens, jedi 17 oktòb 2019

Nòt biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan pou koze sitwayènte ak patriyotis lan nan okazyon 213 lane komemorasyon lanmò Jean-Jacques Dessalines

Jodia fè jou pou jou, dat pou dat, 213 lane depi yo te asasinen Jean-Jacques Dessalines, papa nanchon an nan pon wouj. Nan sans sa, biwo Minis delege an salye tout pèp ayisyen an epi pwofite okazyon sila pou wete chapo l devan memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines.

Dessalines, bò kote anpil lòt zansèt, te goumen ak tout nanm li pou te wete nou anba lesklavaj jouk nou te rive endepandan san èd okenn lòt peyi nan lane 1804. 

Anviwon de lane apre gwo tonton viktwa sa a sou pi gwo lame ki te gen nan epòk lan, yon bann konplotè met tèt ansanm, yo asasinen anperè an ak tout rèv li te genyen pou tout pitit peyi an te ka viv tankou moun anba drapo libète a.

Depi lanperè a fin mouri se divizyon, chire pit ak kraze brize ki se sèl kòk chante. Nou pa janm ka rive antann nou tout bon vre. Nou kite byen lwen ideyal papa Dessalines nan, yon ideyal ki te chita sou plizyè kolòn, ladan yo nou ka site : viv ansanm, defann tèritwa n ak endepandans nou, jistis sosyal  ak yon peyi grandèt majè ki te ka leve tèt gade tout lòt peyi nan je. Nou pran plezi nou nan batay youn ak lòt, sa ki pa janm bay okenn rezilta vre pou chanje imaj peyi a. Okontrè, sa plonje nou pi ba epi avili nou pi plis chak jou.

Jodi 17 oktòb 2019 la, Biwo Minis delege a deside mete vwa l ansanm ak tout administrasyon Prezidan Repiblik lan, Mesye Jovenel Moïse, pou fè ankò yon kokennchenn apèl sou nesesite pou tout pitit peyi a, kit sa k ap viv isit kou lòtbò dlo, pou mete tèt ansanm pou n bay peyi sa direksyon nòmal li dwe pran. Direksyon k ap marande ak vizyon papa nanchon an, vizyon k ap fè nou viv youn ak lòt nan yon peyi ki make lespwa ak pwogrè. 

Poutèt sa, li plis nòmal pou nou mete ògèy ak enterè nou sou kote, yon fason pou n chita ansanm, je nan je, nan yon gwo dyalòg ki pou debouche sou vrè peyi nou tout reve a.

Ayiti se pou nou tout, se nou ki pou met tèt ansanm pou n fè l mache. Ann pèmèt vizyon papa Dessalines lan travèse chak grenn pitit li yo k ap viv nan tout rakwen sou latè.

Viv Ayiti !

Viv pèp ayisyen !

Viv ideyal papa Dessalines lan !

 

M. Guy André François Junior

Minis delege bò kote Premye Minis lan pou koze sitwayènte ak patriyotis

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.