Now Reading:
Rara, yon tradisyon pou nou pwoteje
Full Article 12 minutes read

Rara, yon tradisyon pou nou pwoteje

Par Jacques Adler Jean Pierre

« RARA yon tradisyon pou nou pwoteje » se sou tèm sila a Manbo Euvonie Georges Auguste te pran lapawòl nan Sèk Kiltirèl Jaden Sanba, jou madi 10 mas 2020 pase a, nan kad yon latriye aktivite kap selebre peryòd rara a nan Jaden Sanba.

An derapan, Manbo a te mande asistans lan kanpe pou salouwe memwa anperè Aboudja ki janbe Alada.

Dapre konsta Manbo a, depi kèk ane, nan peryòd rara, toujou gen yon gwo aksidan katastwòf kote, machin antre sou bann rara. Dimanch 7 avril 2019, nan Jakmèl, nan Breman, yon machin te espantan sou yon rara ki rele Koupe Kloure, chofè a fè yon kout volan li al vare sou yon lot rara ki rele Kiyè Bwa, li touye anviwon 5 moun san konte yon dizèn lòt ki blese grav.

Chak fwa aksidan sa yo rive, toujou gen yon dal eksplikasyon ki pa kenbe, swa yo pè bann rara yo lè yo nan lari nan mitan lannuit. Swa se fren machin yo pèdi, swa yo di w rara a te nan bren yo pat wè…Tout pawòl sa yo la se pawol van.

Gen yon ane, se te Leyogàn, yon lòt ane se Payan, yon lòt ane ankò se Gonayiv. Lè sa fin pase, otorite yo fouye twou, yo plante moun yo anba tè tankou se te yon dal zannimo, pafwa san respè pou relijyon ak pratik lavi moun yo. Apre sa ou tande tout kalte kòmantè ap fèt nan sèten medya ki souvan konn bliye wòl yo nan sosyete a sou kesyon kilti ak tradisyon. Gen sa ki di se sou yon bann zobop, se sou yon bann kaplata chofè a antre kamyon an.

Tout sa rive la paske nou pa gen yon leta ki responsab. Yon leta ki la pou bay tout sitwayen yo sekirite nan tout pratik lavi yo.

Nou dwe konnen, premye wikenn apre banbòch kanaval nan peyi d Ayiti, tout rara tradisyonèl ki egziste nan kat pwen kadino soti nan nò pase nan sid, lès ak lwès, yo tout jouke drapo yo ansanm ak tout batanklan vaksin ki pral selebre lanati.

Nan rara nanpwen pale franse dyòl penti. Rara se yon tradisyon afriken ak ayisyen.

An menm tan se yon rityèl. Yon pelerinaj kote ayisyen pran lari ap mache, vizite fanmi, travèse an0pil kalfou, pase anpil simityè menm si yo pa antre anndan yo, yo janbe anpil pas ak sous dlo, ap chante,  ap danse, ap bwè, ap manje, nan lide pou yo selebre lanati pou ride lanati renouvle tèt li. Se yon aktivite kiltirèl tradisyonèl pou ayisyen vodouyizan an ki toujou vle fè youn ak lanati.

Nanpwen moun san lanati, nanpwen lanati san moun. Se pou sa, nan pratik lavi ayisyen kòm nasyon apa sou latè, yo fè rara pou ride lanati chanje fòm, chanje po, chanje mach, chanje dans ak kadans pou nou menm tou kòm moun nou renouvle tèt nou ansanm ak nati a. Rara koumanse apre 6 janvye apre dans makaya. Se yon gwo omaj pou lanati. Yo ba li ochan li merite pou sa li fè pou yo. Nati a vin mèg nan epòk sila a. Pye bwa yo deplimen, yo chanje fèy.

Peryòd sila a, se pou sa nou ka konstate pwason vèt yo konn gen kuiv, se pou sa nou wè anpil moun prefere manje pwason chèch. Peryòd sila a tou, se pa fasil pou ze yo kale ti poul, kidonk se nan epòk sila a wap tande vodouyizan yo di ou : « Lwa yo ale gedefre », lwa yo retounen nan sous yo, lwa yo al chache enèji tou nèf pou yo tounen byen fre.

Moun ki gen abitid al nan rara nan zòn riral yo, sa moun yo rele andeyò a, nou toujou wè kolonèl rara a li toujou abiye byen fre ak rechany nèf, ak plizyè koulè ki senbolize lanati. Se plis pase 2 mwa yo pran pou selebre lanati nan tradisyon rara a ki moutre relasyon entim ki egziste ant moun ak lanati.

Se konsa, gen anpil fouyapòt kap fè rechèch, yo konn sezi wè gen rara ki pase preske 2 mwa ap vire nan zile a jouk dènye jou rara a, ki rele « lendi kazimodo » (nan kalandriye kretyen yo).

Lavèy jou rara a pral tounen nan jouk* li (nan lakou) kote li te soti a, ki se dimanch (dimanch pak) (pou kretyen yo), jou sila se jou enèji kosmik la pral vizite  tè a. Jou sila a vodouyizan yo rele li : « Ayizan ». E vodouyizan yo di nou, se AYIZAN an menm ki enèji kosmik ki travèse tè a jou sila a. AYIZAN nan langay vodou sa vle di : « Zanmi latè ». AYI=Tè, Zan=Zanmi. AYI+ZAN=AYIZAN(ZANMI LATÈ).

Ayizan an tou, se yon kreyati botanik. Se sak fè se palmis ki reprezante li sou latè. Li reprezante tou sou fòm yon moun ki soti anba dlo, tou klere, tou limen, lapli mouye li, soley seche li, rad li vin franyfrany lap mache vizite fanmi yo.

Lavèy dimanch AYIZAN an, kretyen yo rele li: ”Samdi dlo benit”, nan pratik vodou a tout vodouyizan, ougan manbo antre nan peristil yo pou yo woumble lwa yo kap retounen ak enèji tou nèf lanati tap bouske pou li vin pi bèl, pi fre a. Se lè a wap wè pye bwa ap repouse fèy, flè yo ap boujonnen, lanati repran fòs.

Koulya nou pral tonbe nan lendi kretyen yo rele : « Lendi kazimodo a », kote rara yo ap tounen nan jouk* yo.  Lè rara retounen lakay, gen kèk enstriman sèten rara konn boule ak divès fèy ak lòt objè yo te ranmase swa nan raje, nan rak bwa ak sou tout wout kote yo te pase. Sann sila yo pral sèvi ak li pou fè tretman sizonka ta gen yon ka ki egzije sa.

Rara se yon rityèl nan kilti lakay. Men, yon lòt fwa ankò Manbo a redi li, alyenasyon an fè nou pè modèl pratik sila yo ki fè nou parèt diferan ak tout lòt pèp sou latè. Nou gen yon kilti pafwa ki fè moun fremi, pafwa ki fè moun sezi. Men ipokrizi fè nou meprize li. Nou rejte yo. Sa lakoz anpil nan pratik sila yo koumanse disparèt. Tankou rityèl dans djouba, ki te konn fèt nan peryod zaka toupatou nan peyi a, ou pa jwenn sa fasil nan peyi a anko.

Gen lot pratik ki disparèt deja. Egzanp « Wòl ». Youn nan premye fòm teyat nou te konn jwe lontan anba lalin klè. Pratik sila disparèt tankou yon kout zèklè nan jenerasyon pa mwen an. Menm jan « Kont » te ka disparèt tou si pat gen Mimi Bartelemy (mouri), Paula Clermont Pean… kap tire kont jouk koulye, ak Foudizè Théatre… ki kreye yon festival kont.

Tout sa nou di la yo, moutre enkyetid nou genyen, sou pratik rityèl rara a nan kilti peyi a, ki koumanse pèdi sans tradisyon li.

Nou konstate, sa fè prèske yon ventèn lanne depi gen yon dal enstriman tradisyonèl ki te konn fè valè mizik rara a ki koumanse disparèt nan kèk zòn tankou Leyogan ak Pòtoprens pa egzanp. Prèske tout enstriman vaksin yo nwaye nan mitan yon dal enstriman oksidantal (twonpèt, saksofòn, twonbòn, elikon…) ki vin chanje fòm mizik la ak tout sans tradisyon an. Kidonk sa vin bay yon fòm rara ki mizikalman pèdi trans ki nan enstriman tradisyonel yo tankou banbou wozo ak kone yo.

Gen gwo mizisyen chèchè tankou Claude Carré ki kwè fenomèn sila ta ka rele richès kiltirèl. Dakò. Men mizikalman, mizik afriken-ayisyen an (rara) se yon mizik klasik(syantifik ki popile) ki defini. Se yon pwodui fini. Nenpot adaptasyon ki fèt ak enstriman oksidantal sou li, ki po ko jwenn yon aklamasyon popile rete nan nivo yon travay eksperimantal, ki poko antre nan kad riches.

Pou nou ta konsidere fenomèn sila kòm richès kiltirèl, se si li pat fè nou egzijans chanje osinon mete sou kote (rejte) modèl enstriman tradisyonèl ki te konn bay rara a vrè son vaksin ayisyen an ak banbou wozo ki soti nan tè a, piske nou di nou se ZANMI LATÈ…

Nan peryòd rara a, toujou gen anpil aktivite banbòch ak festival kap fèt nan divès rejyon ak nan diferan vil nan peyi a tankou nan Kay-Jacmel (festi-rara kay Jacmel) ki rasanble chak ane plis pase 50 bann rara ki soti nan divès lakou vodou nan seksyon kominal yo. Gen Leyogàn ki toujou gen pi gwo fèt rara nan peyi d Ayiti, gen payan nan Miragwan, latibonit, Janrabèl… poun site sa yo sèlman kote moun soti nan kat kwen peyi a pou vin banboche.

Malgre gwo jèfò anpil konpatriyòt ayisyen ayisyèn kap viv nan peyi lòtbò dlo fè pou akopanye rara nan peyi d Ayiti, malgre tout devouman chèf ak prezidan rara yo, leta ayisyen poko janm deside mete pratik sila a nan lis priyorite li. Sa lakòz chak ane, rara yo toujou soti pran lari pa jan yo ta swete li a.

Anmenm tan fòk nou siyale tou absans leta a ap kontribye nan disparisyon mòd ekspresyon sila si ministè kilti pa defini yon chema politik kiltirel pou pwoteje tout pratik ki genyen nan zafè kilti peyi a.

Wi. Se vre, rara gen yon dimansyon mistik ladan l tou. Men se pa paske rara soti anndan vodou a, ki fè nou dwe trete li nenpòt ki mannyè. Vodou, pa djab, rara nonplis pa yon aktivite djabolik. Djab yo se sila yo lè yo rive nan tèt leta a, ki pwofite toupizi popilasyon an, kreve kès leta, grennen bal sou moun maten midi swa. Djab yo se sila yo ki touye Jean Dominique, Brignol Lindor, Pè Tijan Pyè Lui, Jacques Roche…

Sa vle di, si nou pat yon bann egare, nou tap konprann se yon konplo ki la depi lontan pou fè nou rejte sa ki pou nou pou nou ranmase malpwapte ki pa pou nou.

Wi. Se vre tout rara gen yon dimansyon mistik. Se youn nan rezon ki fè, anvan rara a deplase, yo rasanble ansanm devan jouk* yo pou yo fè yon rityèl (seremoni) pou rasanble fòs pou ride yo mache, pou yo vire nan zile a san kè sote. Konsa tou nan kalfou ki pi pre a, yo toujou anonse mèt kalfou anvan yo derape.

Nanpwen anyen djabolik nan pratik sila a. Menm si, nou konnen gen yon dal bann san manman ki bay tèt yo non rara, ki gen abitid pran lari ak revolvè yo anba mayo yo pou yo simen latwoublay. Men bann sila yo pa gen okenn rapò ak modèl rara map pale la a. Bann san manman sila yo, tout moun konn ki moun ki te kreye yo nan peyi a.

Antouka rara, nou espere listwa demanti nou, si nou bay manti, depi ane 88, 89 yo, nan mitan kè Pòtoprens lan, mouvman Sanba ayisyen an, nan lide pou konsève richès sila, yo kreye yon rara nan Bas peu de chose la ki rele « Rara Foula Vodoule ».

Foula Vodoule se yon Rara, tabli sou Piton. Se yon gwo gadyen nan kiti peyi d Ayiti. Pandan 30 lane, Foula pran lari chak madi, jedi ak samdi nan peryod pak. Apresa se sou envitasyon Foula soti ak kek jou espesyal nan istwa tradisyonèl nou.

Depi lè a, Foula pou kont li ap batay pou pwoteje pratik rara tradisyonèl la nan depatman lwès la, e nan mouvman konbit la, travay la rive jouk nan dènye bout kote yo jwenn envitasyon. Yo pa sèvi ak enstriman oksidantal. Yo pa nan vyolans. Yo sèvi ak yon kolonèl, ki devan bann lan ak yon yon fwèt kach. Se li ki mennen rara a ak tout latriye moun kap mache dèyè Foula. Yo gen plizyè sanba (Sanba Yanba YE, Sanba Kebyesou, Sanba Zao, mayestwo Miki…) ki la pou konpoze chante pou yo chante sou tout wout kote yap pase.

Chante sila yo charye tout revandikasyon moun ki pi ba nan chapant sosyete a. Pafwa, sanba a, pou li denonse move pratik sosyal ak politik yo, yo konpoze chante yo apati sa yo tande ak sa yo wè. Pafwa yo konpoze sou politisyen ki gen dwèt long siperyè, fanm kap twonpe nonm, nonm kap twonpe fanm…

Rara se pratik kiltirèl tradisyonèl tout pèp ayisyen. Si leta te gen yon bon politik kiltirèl, se pa palmantè, minis, premye minis ki tap jwenn milyon pou yal manje pwason ak ti fanm yo, ti fanmi yo chak epòk rara.

Se rara yo pou yo ta ankadre, ba yo sekirite, ba yo mwayen pou yo fonksyone.

Antouka, nou swete yon jou, peyi d Ayiti a jwenn yon gwoup defansè entèlijan ki gen konsyans, e ki pral bay tèt yo misyon pwoteksyon ak konsèvasyon patrimwa n kiltirèl ayisyen sou kèlkeswa fòm li prezante a.

Amwalaye !

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.