Now Reading:
Transandans nan « De bò goch » Anivince Jean-Baptiste la
Full Article 6 minutes read

Transandans nan « De bò goch » Anivince Jean-Baptiste la

Atik Douglas Zamor

Si Anivince aksepte se literati kreyòl ki mete li nan kategori moun yo respekte kòm yonn nan gadyen patrimwàn kiltirèl Ayiti, se konsa tou, l ap rive aksepte se liv li ki rele « De bò goch » la ki ba li odyans li merite jouk jounen jodi a kòm ekriven.

« De bò goch » la, se li nou chwazi, men tout liv Anivince yo gen twa tèm ki parèt repetitivman. Tèm yo se Souf, Lanmò epi Letènite. Nou di se yon manifestasyon vital li pwojte sou plan kosmik la ki diferan parapò ak plan n ap gade anba de nawè nou la. Kidonk, twa tèm sa yo louvri je nou sou yon fòm transandans ki deja ekziste kòm reyalite aktif si nou t a vle di li konsa nan Vodou ayisyen an.

Nan Vodou a yo di moun pa mouri. Se janbe yo janbe. Yo travèse. Sa vle di yo al viv sou yon lòt plan. Malgre Anivince gen fòmasyon nan antwopoloji, li itilize tèm lanmò a kanmenm. Nou te ka mande èske se plizyè sivilizasyon k ap batay nan tèt li? Pou souf la, toupatou sou latè moun viv li kòm reyalite sengilye. Men pou letenite a, pòy nou ka jwenn pou li se ginen (nou prale nan ginen). Nan ginen se yon espas nou pa ka wè. Se letènite.

Ebyen souf, lanmò, letènite ban nou posibilite pou n kreye yon fraz powetik imòtèl. Nou santi nan nou menm fraz la te manke sèlman « Se ». « Souf lanmò se letènite ». Sa vle di nou p ap mouri vre.

Bizaman, apre tout konsiderasyon sa yo nou fè sou tèks la ak otè tèks la , nou rive jwenn nan paj 23 liv la/ lanmò se lavi ki refè vwayaj/.

Kòmkidire, powèt la te deja konnen tèm lanmò a se yon tèm enpwòp li sèvi avè l kanmenm pou l ka anrichi yon chan leksikal sovaj ki merite donte.

Yon lòt kote ankò li ekri:/ lavi pil sou pil andan lanmò/. Se t a kapap yon mwayen pou l di nou lanmò pi laj pase lavi, si lavi kapab pil sou pil andedan li. Lanmò se petèt kannari a epi lavi se dlo a ou vide ladan. Sa t a ka vle di tou, menm lè nou wè nou nan lavi, nou mèt batay ak tèt nou pou nou rete nèt anlè sous dlo lavi a, n ap plonje kanmenm nan lanmò.

Nou ka wè aspè dlo a toujou la toujou. Yo di dlo se lavi. Powèt la di li menm se / dlo je w ki pou koule sou lanmò m/. Epi pi lwen li di / m pile beton lanmò deja/ m pa mouye/.

Nan yon mesaj li voye tankou yon peyizan sou yon tèt mòn, li di: / di manman pou mwen/ peyi a fèy tòl nan ekwasyon van an/ se souf wòch yo n ap kòde/.

Anfèt, nivo dansite pwezi Tivens lan san fwontyè. Li bay wòch yo souf lavi a. Wòch la ki se yon matyè non vivan pou jewològ yo menmsi yo pale sou fòmasyon wòch magmatik la ki t a bay yon enpresyon yon wòch ki ap viv. Men non. Wòl kreyatè a se sa tou. Bay sa ki pa gen vi vi. Fè sa ki pa ka pale pale.

Animis yo toujou bay yon èt ki pa gen vi yon nanm, yon fason pou yo ka adore li. Konsa, nou ka pran fraz powetik Tivens lan kòm pretèks pou n di li bay wòch la yon nanm. Paske si gen souf, nou t a sipoze tou panse genyen nanm tou.

Sa fè nou panse ak deba ki te ekziste ant Pè ak Oungan sou pye Mapou ayisyen an. Kesyon an, èske yo dwe koupe l? Pè a di pye mapou a se yon pye bwa dyabolik paske se devan li vodouyizan fè maji. Kidonk, yo dwe koupe l. Houngan an di non, pye Mapou a se espas sakre lwa danmbala. Se ladan danmbala abite, yo pa dwe koupe l. Natirèlman sa t ap fè debrazman. Sa raple nou tou deba ki te genyen ant Jacques Roumain ak Pè Froisset a sou vodou ayisyen an.

Finalman nou tout konnen ki pèsekisyon vodou ap konnnen, diferan kanpay rejete ki fèt yo. Nou dwe batay kont tout malvèsyon sa yo. Sinon, peyi a ap fèy tòl nan ekwasyon van an. Se toujou souf wòch yo n ap kòde, / lè minista fin souse souf vil yo/.

Powèt la di: / m mòde letènite nan pye/. Poukisa tout vyolans sa sou letènite? Se pou letènite tout powèt t a renmen viv. Men Anivince mòde letènite. Epoutan li di pi lwen/ men powèt la tounen/ on machann letènite tande/. Èske se paske ekzistans yon powèt se yon pwodui machan li ye nan sistèm kapitalis la? Sa ki t a vle di si w powèt, si yo pa vann ou, ou p ap etènèl. Konbyen letènite Anivince genyen li menm pou l vann? Kijan li distribiye yo? Dwòl pèsonaj msye ye, li di/ pafwa se sou Non mwen m monte/ pou m wè letènite/. Ki letènite souple? Letènite vle di lwen lwen espas matal nou. Letènite se nan ginen.

Lè nou reprann twa tèm yo (souf, lanmò, letènite), gen yon soufrans y ap vin andedan fraz powetik Anivince mete yo a. Men soufrans lan dwe pasaje si n ap suiv kouran transandantal twa tèm yo voye ban nou an. Se yon powetik transandantal tou ou jwenn nan « De bò goch ». Li fè n panse vi n ap viv la, nou ka byen viv li, men si sa pa posib nou prale viv li yon lòt kote sou yon lòt plan. Epi fò n di tou se menm soufrans mo yo sibi nan powèm nan nou menm n ap viv an reyalite an Ayiti jounen jodi a. Si tout moun ap sere kò yo. Yo pè mouri. Nou pa batay pou n chanje sa, se wè n ap rete nou wè mayoka pike nanm nou. Se peyi a ki pral nan lanmè. Met men! Met men! Annavan! Nou pa dwe pè menm jan ak Desalin paske souf lanmò se letènite.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.