Anba men Walner Olivier
Festival « Créolopholie » anonse yon dezyèm edisyon djougan pou mwa oktòb 2022 a. Djakout chay rankont kiltirèl sila sou lang ak kilti kreyòl chaje kou legba. Aktivite pye-poudre sila, ki plen gangans kou pan nan je anpil kreyolofòn ayisyen, ap dewoule nan senk peyi ki se : Ayiti, Etazini, Chili, Lespay ak Lafrans. Ann gade 10 rezon ki dwe fè yon moun patisipe nan Festival sila ki mete limyè l sitou sou lang ak kilti kreyòl ayisyen, apre yon boukantay lapawòl Kòdonatè Jeneral woumble kiltirèl sila, Wilguens Pierre Jean, te gen ak redaksyon Sibelle Haïti. Yon ansanm rezon ki devlope pou plis konpreyansyon.
Lang kreyòl ayisyen se lang majorite a
Ayiti pote lamayòl la nan sa ki gen pou wè ak kantite lokitè ki pale kreyòl ki gen pi fò mo yo soti an franse. «Yo estime popilasyon ki pale kreyòl ki gen baz leksikal yo franse gen 10 milyon lokitè, 7 milyon ladan yo se Ayisyen », se sa yo rapòte sou sit Cefan/Inivèsite Laval. Sou plan nasyonal, lang kreyòl ayisyen an se lang 90 pousan Ayisyen pale, lè n konsidere atik premye lwa 18 septanm 1979 sou refòm edikatif la, ki pote non Refòm Berna. Lang ki simante tout Ayisyen, sa Konstitisyon 1987 peyi a rekonèt nan atik 5 li.
Kreyòl se lang manman nou ak papa nou
Lang kreyòl la, se lang Ayisyen aprann depi l piti lakay li. Se yon lang li trape nan antouray li. Lang li leve jwenn moun sou bout tè kote l ap viv la ap pale. Lang ki ride l- depi tou piti- mete mo sou reyalite ki nan anwiwónman li. Se enstriman kominikasyon ki pemèt li esprime sa li santi, voye mesay bay lòt moun. Lang ki reprezante miwa ki pèmèt li wè mond lan yon fason patikilye. E se lang ki estriktire panse l.
An kreyòl mesaj yo pase pi klè e pi byen
Mank metriz egal 2 lang k ap sikile an Ayiti gen konsekans sou mòd kominikasyon nan popilasyon an. Enfòmasyon yo k ap transmèt nan plizyè domèn toujou pi klè lè li fèt nan lang pèp la. Sepandan, diskou ki melanje kreyòl ak franse konn anpeche mesay yo pase. Swa nan mete mo oubyen estrikti franse a sou kreyòl la. Ezanp enfòmasyon k ap sikile nan kèk medya. Sa ki fè oditè yo pa rive entèprete tout mesay yo resevwa. Lè li fèt an kreyòl san okenn entèferans, pa gen pleyen. Tout mesaj pase swa. Gen kominikasyon. Kreyòl pale, kreyòl konprann.
Festival Créolopholie an mete kilti ayisyen an an valè
Pandan woumble kiltirèl sila, y ap mete an valè yon latriye eleman kiltirèl ki fè fòs pèp ayisyen an, patikilyèman atravè lang lan. Lang se zouti ki ranmase tout reyalite yon pèp. Youn nan pi gwo eleman kiltirèl li. Li pote e fè transmisyon kilti li. Lang se kòfrefò, rezèvwa kilti yon pèp. Travay sila ap ranmase patrimwàn, dans ak chan yo, san bliye kreyasyon zèv atizay pent yo, ekriven yo, teyatmann yo, pase nan pwodui atizan yo pou rive nan latriye richès ki nan fondal-natal peyi a.
Li mete lang Kreyòl ayisyen an an valè
Lang ayisyen an pa t toujou gen plas li nan sosyete a. Yo pa t konn itilize l libelibè. Se franse sèlman ki te konn ap taye banda. Depi apre lendepandans peyi a, kreyòl vin gen estati lang nasyonal an 1983. Malgre Konstitisyon 1987 Repiblik Dayiti a fè l lang ofisyèl, sitwayen peyi a pa ka jwenn sèvis nan lang li konprann lan. Pa gen yon egalite lengwistik. Tout papye, tout enfòmasyon Leta yo pibliye yon fason touzuit an kreyòl. Festival sa ap ede voye lang kreyòl la monte, selon òganizatè yo.
Li ede konbat diskriminasyon sou lang lan
Festival la ap patisipe nan ede konbat diskriminasyon lengwistik ak michan travay sa k ap pote kreyòl la devan sèn nan. Li ap ede nan konbat tout move rega, tout move konsiderasyon, tout move opinyon ak diskou ki mete lang kreyòl la sou kote ansanm ak moun ki pale kreyòl. L ap ride moun yo konn enpòtans lang yo pale a. Respekte sitwayen ki pale lang lan. Paske diskriminasyon lengwistik- nan sans sosyolenguis Philippe Blanchet (2016)- se lè gen diskou layèn, meprizan, k ap mete moun sou kote parapò ak lang li oubyen yon dyalèk li pale, ou aksan li yo evalye ki ba bon. Pou chèchè a, se yon diskriminasyon ki fèt sou moun sou yon pretèks lengwistik.
Li se yon zouti pou mennen yon bon politik lengwistik anfavè kreyòl ayisyen an
Pou Wilguens Pierre Jean, mouvman sila ap ankouraje Leta pran yon ansanm mezi ki montre chwa, oryantasyon, objektif li yo nan sa ki gen pou wè ak yon bon jesyon 2 lang ofisyèl yo nan peyi Dayiti. Paske genyen yon rapò miwo miba ant franse ak kreyòl nan sosyete a. Pou politik lengwistik sa kapab reyalize pou yon bon fonksyónman lang yo sou plizyè plan, sa ap mande pou genyen yon amenajman lengwistik. Yon prennvi majòjon Festival la ki gen pwa paske aterizay pwojè Leta yo souvan rive anba presyon fòs sosyal yo.
Li se prèv ki montre nou ka vann lang nou an tout kote nou ye
Festival sila ap ankouraje anpil Ayisyen ki aletranje kontinye pale kreyòl. Se fè pwomosyon lang lan, vann lang lan ak lòt kominote ki vin patisipe nan aktivite sila. Ankouraje pwodiksyon fèt nan lang lan. Se entere paran ayisyen aprann pitit yo -ki leve andeyò peyi Dayiti- pale kreyòl. Suivan konsta kòdonatè Pierre Jean a ak anpil lòt sitwayen avize, gen paran ki entèdi timoun yo pale kreyòl. Deside fè transmisyon lang lan, setransmèt sa l genyen kòm valè senbolik, idantite ak richès kiltirèl. Refize fè pasaj lang lan a timoun yo, se yon konpòtman ki montre n ap kouri kite sa nou ye, sa ki konstwi n kòm moun.
Li raple nou orijin, idantite nou
Nan yon linèt sosyo-isorik, evènman sa ap raple n ki kote n soti. Yon gwoup moun ki te nan esklavaj ki rive konstwi yon gwo zouti kominikasyon, yon zouti sosyalizasyon, yon zouti konba ak idantitè. Yon eritaj kiltirèl, yon memwa ansyen yo kite ki kòde e kache yon ansanm trezò pou piti tè a. Lang kreyòl sila pote sa n genyen kòm koutim, tradisyon, moral, lwa, elatriye.
Festival sa ap montre n ka fè pwomosyon kreyòl la san goumen ak lòt lang
Festival sila ap ede nan travay pwomosyon pou repè lang kreyòl la ak moun ki pale l yo. Yon pozisyon k ap kontribye nan respè divèsite lang. Chak lang pèmèt moun pwoche yon reyalite yon fason direfan. Li ede li entèprete e konprann reyalite a. Nan yon demach ekolengwistik, tout lang se yon richès ki dwe konsève. Tout dwe ekziste san youn pa mache sou lòt, san youn pa detwi lòt akoz desizyon politik.