Now Reading:
Lansman yon latriye aktivite pou make disyèm anivèsè Sant Kiltirèl Lawouze (SKL)
Full Article 3 minutes read

Lansman yon latriye aktivite pou make disyèm anivèsè Sant Kiltirèl Lawouze (SKL)

Anba plim Lord Edwin BYRON

Pou anonse dizyèm anivèsè Sant Kiltirèl Lawouze (SKL) ki fonde nan lane 2014, responsab yo anonse yon dividal aktivite tankou konferans-deba, goute senbolik, vant ak siyati, elatriye.

Depi 17 oktòb 2023 k ap jounen komemorasyon lanmò papa nasyon an Anperè Jean-Jacques Dessalines (JanJak Desalin), timoun lekòl kou inivèsitè ap gen chans patisipe nan seri aktivite sa yo k ap fèt anprelid dizan sank kiltirèl la ki gen pou rive 24 septanm 2024.

Crédit photo: Aulichrispictures

Nan jou 17 oktòb la, ap genyen konferans vè 9è nan maten ak Édouard Espérance ki se pwofesè syans sosyal k ap fè metriz li nan istwa ak patrimwàn avèk Fritelnor Marcadieu ki se operatè Kiltirèl k ap fè memwa l nan sosyoloji . A midi ap genyen Yon Goute senbolik kote tout patisipan yo ap gen pou bwè soup joumou, kafe, te, tranpe, elatriye. Daprè youn nan responsab sant la, Abydarlyne Jouth, aktivite sa enskri nan yon demach k ap valorize pataj ak viv ansanm. « Pandan tan SKL egziste a, li chita sou prensip pataj pou l mennen tout aksyon l nan Plato Santral, se sa majò jon an delare. Li te pousuiv pou l di « se lide pataj la ki fè l toujou ap chèche kiyès ki ka fè Kisa pou l envite vin pataje ak kominote a. Se lide sa a tou ki fè chak grenn manm nan komite a toujou ap chèche konnen plis pou fòme pi Jenn yo.

Misyon sant la, se Kite yon kichòy pou sa ki dèyè yo. « Ane 2022 ak 2023 pat fasil. « Se rezon sa a ki fè n double kouraj nou pou depi 17 oktòb la n kòmanse fè aktivite paske ane sa a nou di n dwe travay plis paske te gen kèk ratman ane ki pase a », se fason sa Responsab la te eksprime motivasyon ekip k ap travay ak li a. Li te rapousuiv pou pale sou rezon ki fè se jou 17 oktòb la yo cjwazi pou lanse aktivité yo: « Depi 9 lane 17 oktòb se jou nou toujou louvri ane akademik nou, se pa san rezon, se paske nou vle voye yon mesaj pou di pwojè Byennèt papa nasyon an pa ka mouri e pou l rete vivan se batay pou n batay atravè chak aksyon n ap poze ».

Nan okzayon sa, responsab SKL yo ap tou pwofite prezante kèk reyalizasyon ekip la fè deja ak tout kalandriye travay pou nouvèl ane a. Se yon jounen Espesyal kote tout moun ap ka vin koute mizik Rasin ak twoubadou. N ap raple jou ki ap 20 oktòb la ap genyen Vant ak Siyati « Tras pye lorizon » ki se premye rekèy direktè atistik Sant Kiltirèl Lawouze, Chelson Ermoza.

Input your search keywords and press Enter.