Now Reading:
Piblikasyon : Yves Mary Jean tonbe sou yon chen paladò
Full Article 3 minutes read

Piblikasyon : Yves Mary Jean tonbe sou yon chen paladò

Lord Edwin Byron

« Chen an te pran gade syèl la, epi li te pran jape pandan li te kontinye ap rakonte: Madan Manno ak Tijan te rete nan pwent Kafou Leklè nan Matisan 23. Pa twò lwen kote potè yo te konn estasyone yo, pou yo te rete tann kamyon k’ap sòti nan tout zòn pwovens yo tankou : nan vil Ansavo, Miragwàn, Tigwav, Grangwav, Leyogàn, Jakmèl, Okay, Lazil. »

 

« Tout chen pa chen nan Pòtoprens » se denye liv Yves Mary Jean ki paret nan Edisyon Lank Zetwal. Tankou anpil lòt ekriven nan jenerasyon pase yo ak jenerasyon sa, otè a fè tèt li devwa pou l obsève, pase nan moul, tout sa kap pase nan sosyete, epi kesyone yo avèk anpil entèlijans ak mounite.

 

« Nan moman sa a, ti Ronal machann pwason, te youn nan pi gwo pratik ak pi bon zanmi ti chen an nan vilaj Gwodada. Li te konn anpil sekrè ti chen an tou. Anpil moun te konn pran plezi ap rakonte istwa ti chen an ak tout moun ki te rantre nan vilaj la… »

 

Resi sa depaman de anpil lot nou kwaze deja. Otè a chwazi yon demach ki sanble ak pa « fabilis » Lafontaine nan pou l pwomennen je li sou sitiyasyon Ayiti jodia, yon sitiyasyon ki depase limit. Ta sanble gen koze moun pa pran chans pale ak gwo gòj pou anpil rezon. Men se pa lapèrèz ki fè otè a chache pawol nan bouch bèt kat pat la. Se yon demach estetik byen kalkile. Sitou lè nou konnen chen se bèt ki paweze nan tout rakwen, nan tout poubèl, renifle nan chak kalfou, nou ka konprann chwa ekriven an pou fè chen an pote koze bay lasoyete. Chen ta dwe gen anpil moso listwa pou pataje sou jan lavi ap deboulonnen, sou jan lamizè ak ensekirite tabli kò l.

 

« Tout chen pa chen nan Pòtoprens » se yon listwa ki rale mennen vini sou tout kalte katye defavorize tankou Matisan ki sèvi echantiyon pou otè zèv la chita refleksyon l. Katye sa pa diferan de anpil lòt katye nan Potoprens ak vil pwovens. Liv la pote ban nou yon resi tè glise.

 

Se pa tout moun ki gen jèvrin tankou defen papa Fabio pou « leve tout doulè yo byen wo anlè tèt yo nan gode kafe… bay Sen Nikola ». Gen moun ki ale bwa chat. Gen sa ki chape.

 

Yves Mary Jean -Tout chen pa chen nan Pòtoprens / Edisyon Lank Zetwal – Avril 2021

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.