Otè atik la : Walner Olivier
Depresyon, se yon rekèy powèm powèt Jean Emmanuel Jacquet ekri, ki pibliye nan lane 2020, nan C3 Éditions, ki gen 56 paj. Se yon travay atistik patikilye pou dimasyon psikolojik li. Enèji ki chita nan chak fragman diskou powetik yo pwovoke emosyon senpatik, doulè ak annui kay lektè yo. Pwezi sila a se yon ekspresyon ki afiche sò, e chante plenn yon Ayiti men nan machwè.
Powèt Jean Emmanuel Jacquet, atravè ekspresyon powetik sila a, drese yon tablo sonb sou sitiyasyon malouk sosyete l ap obsève a ap konnen nan moman sa yo. Ayiti Toma.
« Ayiti kouche kay tant Azireya»(p.27).
Yon pèp ki fatige, toumante e san sekou. Kòm enonsyatè, li poze kesyon kote li mande ki kote sekou pèp sa ap soti. Kilè l ava jwenn yon kanpo nan van move lavi ? Ki solèy ki ka klere chimen lespwa pou Repiblik la reprann eskanp figi l ?
« Ki priyè k ap pote move rèv
Trase wout pèleren
Kraponnen dezespwa
Ki limyè k ap klere pòtchanm
Nan lakou Romilis
Ki priyè k ap soulaje sezisman
Tankou papa Elize » (p.9)
Gen powèm ki se powèm eksplikasyon ; powèm san dlo nan bouch. Powèm k ap touche konsyans sansi de pye, eksplwatè, opresè. Pawòl yo lese wè kiyès ki plis nan touman ; kiyès y ap pase anba pye, kiyès k ap pase anba pye.
« Kiyès k ap voye je sou nou
Kiyès k ap pote bagèt chapepoul
Pou kontre malediksyon
[…]
Boujwa
Zotobre
Men pwoletè nou » (p.12)
Kesyonman fèt sou egzistans Leta a, ak gwo babin ki pa bay lepèp enpòtans ; ki pa wè popilasyon an nan gwo liv y ap li yo, kou Maurice Sixto ta di.
« Peyi apokalis
Peyi gwo nèg se Leta
Kòmsi san pwoletè
Leta vo lapenn » (p.13)
Powèm lan, nan pwogresyon li di plis koze sou orijin lamantasyon pèp la. Pa gen bon jesyon sosyete a. Nanpwen pwojè, se bèl diskou mantòlyè. Nanpwenn tèt ansanm, se ying yang. Politik pran nan lalozè. Yo konpòte yo an grennsenk.
« Yon peyi doub fas
Pouvwa ak opozisyon
Se 2 pye kole
Palavire » (p.56)
« Politik mache lannuit
Chanje leson nan bon sezon
Kameleyon nan chèz boure » (p.51)