Nan jounen 28 oktòb la ki make jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, «Parole du coin» ki se yon platfòm an liy te reyalize yon deba sou kesyon « kontribisyon lang kreyòl la nan epanouyisman moun ».
Nan espas sa a te gen twa envite pou vin pale sou kesyon an: Walner Olivier ki se lengwis, Ar Guens Jean Mary ki se ekriven ak Alix Olivier kòm komedjen. Chak moun sa yo te abòde yon aspè nan kesyon an.
Pou kòmanse, responsab «Parole du coin» an, Jean Jhony Jean Baptiste te fè yon rale sou istwa lang kreyòl la kote l te bay kèk kote yo pale l sou tè a tankou Giyàn, zile Seychel, Repiblik Vanwatou ki nan kontinan azyatik la. Ansuit, Walner Olivier te pran lapawòl pou l montre kijan kesyon lang marye ak reyalite moun yo, kijan se lang nan ki pèmèt moun yo eksprime sa yo santi e kenbe relasyon moun ak moun nan. Li te pale sou aspè antwopososyolengwistik kesyon an.
Ar Guens Jean Mary, bò kote pa l, te montre kijan ekriven yo kontribiye nan itilize lang kreyòl la nan kesyon literati.
Alix Olivier li menm te montre kijan nan nivo teyat lang kreyòl la rive pèmèt aktè ak ekriven yo eksprime yo tou. Li te pran egzanp antigòn kòm yon pyès ki te reprezante vwa moun ki pa pale yo.
Nan deba a, te gen kesyon ki enteresan tankou Djoury Laurent ki te mande Walner sa l panse de enpak mondjalizasyon an sou lang kreyòl la. Olivier te reponn li ka genyen yon rapò gwo ponyèt ki ka lakoz lang peyi li pi fò yo vale lang peyi ki pi fèb yo e menm kilti yo tou.
Nan fen aktivite a, te gen yon seyans pwovèb kreyòl kote entèvenan ak moun ki tap asiste te kontan pataje epi kòmante. Nou ka reprann pwovèb Etidyan finisan nan Syans Jiridik Cathiana Désiré te pwopoze ki se «manje kuit pa gen mèt», kote Nòmalyen Fabien Louis Fils te kòmante pou l di «Sa depan de moun ki kuit li an». Sa te pèmèt seyans lan fini nan plis lajwa pase jan l te kòmanse a.