Walner OLIVIER
Madeleine Bouchereau-Sylvain (1905-1970), se yon fanm konsekan nan batay pou respè dwa fanm. Se pitit ekriven Georges Sylvain ak Eugénie Malbrance. Yon fanm lidè, yon entèlektyèl ki trase chimen nan mouvman feminis la an Ayiti.
Fanm je klere sila se premye fanm ayisyèn ki fè yon doktora nan Sosyoloji, nan Bryn Mawr College, nan peyi Etazini, apre yon metriz nan Edikasyon. Yon etid li fè apre li resevwa yon bous, nan kad yon konkou, nan men Asosyasyon Entènasyonal Fanm Inivèsitè pou jèn fi nan Amerik Latin lan.
Feminis djanm sila fè yon etid lisans nan Fakilte Dwa Pòtoprens. Pi lwen, nou jwenn Madeleine fè yon etid lisans nan Edikasyon nan peyi Potoriko, e genyen tou yon espesyalizasyon nan òganizasyon kominotè riral.
Madeleine se premye moun ki pibliye yon travay refleksyon teyorik ki gen pou wè ak pakou fanm yo nan istwa peyi d Ayati. Li soutni tèz doktora li nan lane 1941 ki gen pou tit « Haïti et ses femmes. Une étude d’évolution culturelle », ki pibliye nan lane 1957″ .
Aksyon Madeleine sou plan sosyal ak politik
Madeleine te patisipe nan mete sou pye fondasyon « Pupille de Saint-Antoine » ki konsidere kòm youn nan premye zèv Ayisyen fè ki pou soutni moun. Lè sa, li te gen 22 lane. Nan laj 33 zan, li mete nan peyi a sa yo rele « Mouvement des Guides». Se yon Fanm ki te toujou kot kòlèg li yo nan òganize kanpay edikasyon pou fè sitwayen yo konn dwa ak dewa politik yo, nan moman Lig feminis la t ap mache.
Madeleine te fè kèk pwopozisyon nan avanse nan Kòd Penal ak Kòd Sivil ayisyen an ki te fè fanm yo parèt kòm moun ki san kapasite, e kòm timoun ki dwe obeyi a mari yo.
Nan ane 1957, konstitisyon an pral pèmèt fanm yo jwi dwa sivil ak politik yo. Nan menm ane a, Madeleine poze kandidadi pou pòs senatè depatman Lwès. E se premye fanm ki ale pou pòs elektif sila.
Sou plan entènasyonal, Madeleine Sylvain Bouchereau te vis prezidant Lig entènasyonal fanm avoka. Nan lane 1937, li t apral reprezante Ayiti nan twazyèm konferans Entè-ameriken sou edikasyon. An 1944, Nazyonzini te voye l pou òganize sèvis sosyal nan plizyè kan prizonye polonè ki te depòte nan peyi Almay . Nan lane 1951 ak 1952, Madeleine te fè pati komisyon ki travay sou règleman legal sou fanm yo. E Nasyonzini t apral vote l nan lane 1952. Soti 1952 pou 1956 Madelein te manb komite planifikasyon kou (d)ete Lig Entènasyonal Fanm pou Lapè ak Libète, e li te youn nan moun ki te responsab pou fè kou nan Copenhague e nan Hambourg pou Lig sa.
Kan Lig Feminen Aksyon Sosyal te afilye a Alyans Entènasyonal Fanm yo, se te Madeleine yo te voye, an 1958, pou fè yon ankèt sou sitiyasyon fanm yo pandan moman konfli ki nan Mwayen-Oryan. Soti nan lane 1966 pou rive an 1968, Madeleine te jwe wòl konseye pou devlopman kominotè nan gouvènman Peyi Togo .
Madeleine pibliye divès travay rechèch sou soyete ayisyen an, patikilyèman sou lavi fanm yo. Nan lane 1944, li ekri, Éducation des femmes en Haïti, Les droits des femmes et la nouvelle constitution(1946) pou bay yon repons ak tout atak seksis Asanble Konstitiyant la te fè kont mouvman fanm yo. Nan lane 1950, li pibliye « La classe moyenne en Haïti>>, yon travay byen kore sou klas mwayèn an Ayiti nan « Matériaux pour l’étude de classe moyenne en Amérique Latine». Anplis de sa, nou jwenn li pibliye, Lecture haïtienne : La famille Renaud (1944), Haïti et ses femmes. Une étude d’évolution culturelle(1957).