Now Reading:
Manno Ejèn vini ak « Pwezi pou anwoule tan mwen »
Full Article 6 minutes read

Manno Ejèn vini ak « Pwezi pou anwoule tan mwen »

Par Douglas ZAMOR

Timoun vini!

Vin tande yon ti koze!

Pawòl pa pou nou.

Se yon nonm yo rele Manno Ejèn, yon ayisyen fondalnatal ki fèt nan lane 1946 nan peyi Kiba. Mwen pa pè di nou, gwo bout tonton gason ki pa manje anyen ki frèt nan kesyon lekriti. Dayè se li ki di nou lekriti pa inosan. Se sa ki fè chak moun k ap ekri dwe toujou gen yon pwojè ekriti ki koresponn ak fonnanm li. San sa, ou kapab tonbe nan tout voum se do.

Nonm sa m ap pale nou an fè mèvèy ak lang li. Lang manman li te koupe lonbrit li avè l la. Manno se te yon jounalis ki t ap travay Ayiti bon tan sa anvan li kite peyi a pou l al abite Kanada sou presyon diktati Duvalier yo. Nan ane 1988, li pibliye « Ekziltik ». Yon liv ki loulouz anpil men ki diferan parapò ak lòt liv pwezi li yo ki vin anchouke byen fon epi pran dwa grandètmajè li nan rasin mapou vizyon dimond sivilizasyon ayisyen an. Li mize tou sou fòm ekritasyon an.

Li vin pibliye annapre « Aganmafwezay » nan lane 1998. »Vwazandò se yon lòt liv pwezi ankò Edisyon Memoire d’encrier tradui an fransè « La voix des mystères nan ane 2007 epi li pibliye Sezon papillon ki se premye rekèy pwezi anwoule li. Konsa tou, nou pa dwe bliye pri Jacques Stephen Alexis de la nouvelle li ranpòte nan ane 1998 yo. Mete sou sa, li te finalis nan konkou pwezi sou fèt manman nan yon konkou Sosyete koukouy te òganize.

Ann pran priyè kite kantik.

Tout sa nou t ap di anlè yo timoun, se yon fenèt nou te louvri pou n te ka rive sou « Pwezi pou anwoule tan mwen », nouvo , liv pwezi Manno Ejèn nan ki soti anba chapo Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) nan Moreyal.

Liv sa tradui benefis ak eksplwa nou fè nonsèlman nan lang lan ak lomeyans pou n toujou kenbe doubout panse pa nou. Menmlè gen yon liv yon antwopològ ayisyen ki rele Anselme Remy mete ansanm ak yon sosyològ bèj ki rele Francois Houtart ekri ki gen pou tit  » Haïti et la mondialisation de la culture, étude des mentalités et des réligions face aux réalités économiques, sociales et politiques. », ladan gen Gérard Barthelemy, nonm ki ekri « Le pays en dehors » a ki salye liv de mesye yo ki di nan salitasyon an gen yon diferans li fè ant panse rasyonèl la ou jwenn nan sivilizasyon oksidantal kretyen an ak panse senbolik la nou jwenn nan sivilizasyon ayisyen an. Kòmkwa ayisyen pa kwè nan sa ki rasyonèl.

Nou menm, nou di chak sivilizasyon gen pwòp rasyonalite pa yo. Jeneralman, Panse sivilizasyon oksidan kretyen an chita sou de wòch dife. Sa ki vle di se yon Panse ki gen de zèl. Li mete fas a fas byen ak mal, bon ak movè, fanm ak gason etc. Nou tout konnen se nan lang yon pèp Panse li chita. Nou toujou li nan lang franse a  » le masculin remporte sur le feminin. Menmlè gen kèk batay feminis nan peyi sa yo tanmen pou yo wè si y a chavire chodyè a, sa poko rezoud.

Panse sivilizashon ayisyen an li menm diferan. Li chita sou twa wòch dife. Yon fason pou ayisyen jwenn ekilib lavi li. Gen de marasa yo ak dosou a lè gen ti diferans ant de marasa yo ki vini mete otan pou ekilib la ka toujou kenbe. Se twa wòch dife yo ki kenbe chodyè a pou l pa tonbe.Vin jwenn nan lang ayisyen an pa gen yon règ jeneral sou kesyon maskilen ak feminen. Osnon nou t a di avèk anpil pridans feminen pa ekziste nan lang lan.

Nan liv « Pwezi pou anwoule tan mwen » an, Manno Ejèn favorize kote literè ekri kòm ekspresyon fòmèl pou li batay, men tout apwòch sou oralti konsène li depi nan « anba », sa ki gen pou wè ak mas popilè a jouk rive nan « meta » ki konsène elit la. Manno vini avèk yon tematik li ekspwate sou plizyè plan nan tout liv la. Se tematik « TAN ».

Yo toujou di tan ale tan vini. Men pa janm gen moun ki konnen kote tan an ale epi lè l ap tounen, ki kote li tounen an. Èske se sa ki anpeche anpil moun viv byen nan sosyete endistriyèl la? Èske se tan sa ki vyeyi moun epi sabote bote yon bann moun? Gen filozòf ki rive di tan an pa ekziste. Èske Manno Ejèn nan menm kategori moun sa yo ki di tan an pa ekziste a?

Antouka, tit liv la di kichòy. Pwezi pou anwoule tan mwen, se yon fason pou Manno di nou anpil fwa tan an konn bay pwoblèm. Se sa ki fè se nan yon pwezi li anwoule tan pa li a, li pliye li kòmsadwa. Goute yon lèz nan pwezi pou anwoule tan mwen:

Tan an pa nan mache prese

sa li vini regle a se sa l ape fè

sa depan ladrès dwate majòjon ki kenbe li a

ak nan dans ki mele l ape piwete

se swa yon ayè oswa yon moman ki tanmen

Oubyen yon finisman tankou yon devnite tou louvri

Paske se lang lan Manno mete devan pou li fè bagay li a, nou di li bon kouraj. Demach sa vreman enpòtan. Li enskri nan kad revolisyon men goch la sou plan literè. Tout gran revolisyon mond lan te gen teyorisyen dèyè yo e se lang lan ki te pèmèt yo teyorize. Men revolisyon Ayisyen 1804 la pat gen okenn teyori ki t ap gide kijan li te dwe fèt. Desalin pat ekri teyori anvan li batay, men revolisyon an te fèt kanmenm. Nou konprann sa. Jounen jodi a tan an chanje. Tout bagay chanje. Nou vin gen lekriti pa nou. Se avèk li pou n batay, apran tout timoun lekriti pa nou, kidonk panse pa nou pou revolisyon men goch la ka posib sou tout plan.

______________

N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.