Atik Douglas Zamor
Te gen yon mereng kanaval nan ane 2000 yo yon gwoup mizikal konpa ki te rele All Stars te fè ki te make m anpil. Li di: « Depi sou FD sa te konn pale…
Nòdwès ape kriye ooo
Nòdwès ape rele ooo
Gade kijan bagay yo ye o anyeee
Si w wè sa a
Azizi w mele »
Mwen fè ti rapèl sa a, yon fason pou m ka kenbe menm demach lè m te timoun nan. Men fò m di nou tou, bagay la vreman tris pou mwen ak kèk lòt zanmi m nou te leve ansanm. Nòdwès ap kriye depi m timoun, Pòdepè ap kriye depi m timoun. Depi sou François Duvalier y ap fè nou pwomès. Koze wout la te konn pale.
Tèks saa se se pa pou sèlman kritike, se pou atire atansyon sou yon vil ki gen anpil pou ofri men ki abandone paske pa gen jefò ase ki fèt, se pou ensiste sou jefò nou dwe fè pou kapab devlope vil la, e fè li tounen yon zòn touristik.
Fò n di, depi sou Duvalier, Nòdwès, Pòdepè an patikilye te bay anpil zotobre ki toujou la nan pouvwa politik Peyi a. Men sa pat janm siyifi gwo bagay pou vil la. Se kòmsi se dlo n ap bwote nan panyen.
Se klè pou peryòd pa m nan, mwen ka di gen plizyè evènman ki make anfans mwen. Gen nan yo ki fè m kontan anpil lè m ap panse ak yo epi gen lòt tou ki t a vle mete m nan yon sitiyasyon twomatik tèt chaje. M ap raple m anvan ane 2000 pwente, mwen te gen 10 zan. Lè sa mwen t ap viv ak manman mwen, frè m ak sè m.
Mwen te fè primè mwen nan Lekòl Toussaint Louverture kay Rock la. Lè sa mwen tou piti, m ap gade kijan lari Pòdepè te ye. Se wololoy.Lari a pat gen beton sou li. Se te yon wout tè. Men chak maten m leve mwen wè moun k ap bale epi k ap vide dlo pou yo wouze tout kote yo fin bale yo. Se te bèl bagay. Lè Lekòl lage, y al chèche mwen, lè m ap tounen, sou tout wout la, ou wè moun an kantite k ap batay pou yo fè lavi mache. Lè sa mwen te rete nan ri Dikè. Se la tou ou wè yon bann jèn gason ap fè diskisyon nan estasyon bis Pòtoprens lan pandan y ap gade match kay Anton yo di ki se premye moun ki bay match sou gran ekran nan vil la pou premye fwa.
Nan peryòd mwen te nan laj 10 zan sa yo, anpil lòt bagay mwen sonje ki te pase kapab ap pase nan tèt anpil lòt moun nan moman n ap pale a. Te gen yon kriz dlo alepòk. Lè sa tout moun te konn leve byen bonè anvan solèy leve pou yo al Twarivyè. Granmoun ak jenn fanm jenn gason ap pote yon bokit dlo sou tèt yo ak ti galon nan men si yo kapab. Timoun yo menm ap pote yonn oswa de ti galon dlo. Lè m di w sa, se Twarivyè sa ki te manman nou, se li ki te papa nou tou. Nan tout lari moun ap sikile kòmsi li te gentan jou.
Manman m te apenn fè premye ti sè m nan. Epi yon jou li voye m al achte yon lèt pou li. Pandan m ap sot achte lèt la, yon machin pase sou pla pye goch mwen. Rapid mwen tonbe endispozisyon. Manman m kouri pòt a pòt rele pote l sekou. Britsoukou yo jwenn chofè ki frape m nan. Yon di se yon milizyen li te ye. Msye a deside mennen m lopital Lapwent Dèpalmis. Manman m te abiye m byen fen lè sa a. Yo fè radyografi, elatriye. Lè y ap tounen avè m nan machin milisyen an, se konsa m ap tande nan lari a yon mizik Dieudonné Larose mwen te renmen anpil ki di: gwanntanamo/ gwanntanamo ooo/ pa janm bliye tout sa yo te fè nou pase manman/.
Lè m di w sa, dlo kouri nan je m pou pou pou. Ògèy pran mwen. Manman m ak mesye a ki te nan machin nan panse se grangou osnon mal pye a ap fè m mal. Epoutan se mizik la ki fè m kriye. Tou piti piti mwen panse gen yon bagay yo fè Peyi ki mal. Vwa Atis la fè m santi sa. Mwen pete rèl kriye. Lè sa mwen pat menm gen yon lide sou sa yo rele politik la.
Koulye a, lè m fin kite Sètifika pou al pran klas Segondè, se yon lòt koze. Se la tou mwen pral montre nou kijan anfans mwen te pasab an menm tan anfans mwen pran anpil sapata jouk jounen jodi mwen poko ka leve li anba labou politik yon bann frè n ak sè nou mete li.
Lè m kite Sètifika mwen antre nan Lise Tertullien Guilbeau m al fè segondè. Se la tou mwen fè tout klas yo. Se nan peryòd sa yo tou yo te kòmanse mete adoken nan yon bon pati nan vil la yon fason pou yo fè li pi bèl. Lè lapli tonbe pou moun pa mache nan labou ankò. Se Jean Bertand Aristide ki te prezidan lè sa. Malgre tou sa, fò n di byen, vil Pòdepè te toujou gen anpil pwoblèm. Pwoblèm elektrisite, pwoblèm dlo potab, pwoblèm transpò, pwoblèm kontriksyon anachik, pwòblèm fatra pousyè k ap vale teren.
Anvan ane 2000 yo, anpil moun Ki te fèt nan vil la kite li pou yo al viv aletranje. Lòt moun ki soti nan zòn andeyò Pòdepè yo vin plis nan vil la. Gen kèk sitwayen ki te gen lajan nan vil la, bri kouri di yo te mande moun ki reprezante Leta yo fevè pou yo asfalte tout Podède, bri kouri tou di yo fè sitwayen sa yo vale koze sa. Kòmkwa si sa t a fèt yo p ap jwenn mo pou yo konvenk popilasyon an lè yo pral nan eleksyon. Tout bagay sa yo makònen ansanm lage vil la nan yon veritab katchaboumbe.
Sou plan politik, pa gen okenn pwogrè. Pa gen yonn nan politisyen ki soti nan Nòdwès yo, Pòdepè an patikilye, nou ka rale kòm egzanp si nou vle raple yon timoun 15 zan ki modèl li ka suiv nan zafè politik. Kisa yo t a dwe kopye lakay moun sa? Se zewo bare. Ou tande jèn k ap di tèl senatè tèl depite, tèl majistra se bondye, se sesi se sela. Nou tonbe nan krache pou lasibab mesye dam.
Lè n konsidere eta vil Pòdepè jounen jodi, ou t a di menmjan ak legliz, se yon vil dyabolik, yon vil abandone materyèlman e espirityèlman. Yon vil politik p ap fèt ladan. Politik fèt pou byennèt yon kominote. Li pa fèt pou kraze kominote a.
Pou moun k ap viv Podepè, m ap mande si dyaspora pat ekziste kijan yo t ap fè viv. Plis pase 300 000 moun daprè resansman pa estimasyon yo fè an 2009 yo. Se òganizasyon ki soti lwen ki vin bay yon jèn ki sot nan inivèsite travay.
Pou m fini, m ap tounen ak yon lòt ti chante yon gwoup yo rele Awozam ki soti nan mouvman Tèt Kole Ti Peyizan epi tabli katye jeneral li Bochan tou. Men chante a:
Moun nan Nòdwès yo
Pi gwo pwoblèm nou genyen
Se tè ak dlo
N ap mande mesye responsab yo
Mesye senatè ak depite
Ban nou Twarivyè pou nou wouze
Nou santi moun yo anvi viv. Yo pa mande nou gwo menmlè nou gen reponsabilite devan listwa pou nou fè gwo.
Pòdepè lè m te timoun, pwoblèm yo te la, men yo vin pi grav.
Pou nou rive soti nan sa nou ye a, li t a bon pou nou kòmanse nan fanmi yo ak nan lekòl yo, devlope sa mwen t a ka rele yon « Fyète Kapwasyen ». Lè sa n a raple tout timoun ak granmoun memwa Kapwa Lamò ki te trè jèn lè l t ap batay ak lame Napoleon an, pi gwo lame nan epòk la, pou li retire nou anba grif blan. N a sonje Kapwa te trè jèn mwen rete sou sa.
Nou menm jenerasyon sa a, fòk nou sove lafas. Antre nan politik avèk tèt leve, panse, fè lasyans nan tout dimasyon yo. Ak pasyans n ava jwenn trip foumi.