Now Reading:
Palto Vanyan voye premye kout nas li pou ane 2020 an
Full Article 5 minutes read

Palto Vanyan voye premye kout nas li pou ane 2020 an

Atik Douglas Zamor

Se te 5 janvye 2020 an, nan Le Villate, Petyon-Vil, devan yon pakèt pèsonalite tout tandans, Palto Vayan prezante nou yon ekstrè 1èd tan nan « Manno Mania », yon konennchenn espektak l ap prepare pou l onore memwa gwo mapou nasyonal ak entènasyonal sa a, sanba Manno Charlemagne, nan mwa avril 2020 k ap vini la.

Tout zetwal yo te makònen pou yo te ofri nou yon espektak san parèy anba yon syèl ki prèt pou l chavire. Talan yo detire mezanmi. Se yon gwoup moun vreman k ap mande lavi dekiprevyen dekimannigans.

« Manno Mania » dwe antre nan kategori tòp komedi mizikal entènasyonal k ap fè zefèyis nan mond lan. Poukisa?

Antre soti nou suiv nan ektrè 1èd tan an fè nou santi gen bagay tou nèf Ayisyen ka prepare. Pandan tout ane ki pase yo, si nou pa twonpe nou, pa janm genyen pwojè tou nèf sa yo nan Peyi a sou plan Komedi mizikal. Poudayè sa pa gen anpil ane Ayiti ap eksperimante fòm teyatral sa a ki rele Komedi mizikal la. Tout sa ki fèt deja yo, se trè byen paske nou te dwe kòmanse yon kote. Nou ka pran de ekzanp: an 2007, sou prezidans René Preval, Notre-Dame de Paris rantre an Ayiti. Konpayi ki t ap fè mizansèn nan se te Haïti en scène. Men sa ki t ap klèwonnen nan moman an, se pou yo te fè yon Notre-Dame de Paris Ayisyen. Sa ki te mande yo fè anpil jimnastik. Tou pre nou la an 2018, sou inisyativ K-Pro, konpayi Nathan Show Word ki soti Marseille prezante nou « Moana » (Reine des neiges), yon istwal k ap montre kijan yon gwoup moun sove yon ti vilaj. Esperyans sa a se te pou Timoun vin gade konpayi a te reyalize l.

Si n ap suiv byen, nou ka wè kote eklektik la parèt klè nan prèske tout prezantasyon komedi mizikal ki fèt nan peyi a. Manno mania se yon bèl efò konpayi atistik Palto Vanyan fè atravè metè ansèn li John Vanyan pou l prezante yon pwojè plizoumwen orijinal. Se pou sa nou di, fòk travay la rive lwen pou Manno mania plase nan kategori tòp Komedi mizikal yo nan mond lan. Fò n pa bliye tou prezantasyon komedi mizikal yo pa anpil an Ayiti. Nou fenk ap ekperimante kesyon sa a.

Si n tounen sou espektak la, nou ka di gen 2 bagay annatandan ki te make sware 5 janvye a. Premyeman, se pèfòmans aktè yo. Emosyon yo degaje rive sou piblik la. Gen moun ki di se kè yo kenbe ki fè yo pa pete gwo rèl kriye. Agwonòm Moramade Blanc ki te nan sal la, li di :《mwen santi m mistifye lè m ap gade efè espirityalite Vodou a nan nan kò atis yo, mwen anvi kriye.》.

Vanessa Mardochée Jn Louis se yonn nan atis ki jwe nan Manno mannia, lè nou kesyone li sou kote trajik nou viv nan je li ak jès li yo epi talan eksepsyonèl sa li genyen di nou :《 se zantray li ki rankontre ak mistè ki nan ginen yo ki fè l santi l ka travèse kite mond reyèl la pou pwofàn yo pou l viv yon lòt reyalite nan yon lòt mond ki pi siperyè.》

Plis pase 30 aktè sou yon sèn ap entèprete ak vwa yo, kò yo mizik Manno Charlmagne yo ki trete tout tematik ( Manman, Boujwazi, pwoletarya, Lepèp, lanmou, mizè, koripsyon, jalouzi, mounpayis…epi antre soti yo, jwèt limyè yo, Dans, Chan Vodou, mizik, Gita, Tanbou, Tchatcha, tèks pwezi, denonsyasyon, tout bagay sa yo fè mikalaw, fè nou viv yon moman epik, yon sware fenomenal kon di Jack-Sander Céméus, yonn nan aktè pèfòman ki jwe nan Manno mania.

Dezyèm bagay ki make sware a, se yon bèl diskou Sonson Mathurin ki montre nou gen moun ki p ap janm ka vini nan fòm espektak sa a, Manno mania Palto Vayan ap òganize nan Peyi a. Sonson di:《 Gen moun ki vini ki t ap toujou vini, gen moun ki pa ka vini paske petèt yo ka anpeche, gen moun ki p ap janm vini tou se yon fraz li peze sou li paske sa Manno t ap defann nan pa nan enterè yo.》

Sa fè nou konpran batay Manno Charlemagne t ap mennen an, se yon batay rezistans. Yon batay ki fè gwoup moun k ap souse san peyi a, k ap souse san mas popilè a mal anpil. Gwoup moun sa yo p ap janm vini nan fòm espektak sa yo. Lè nou voye je nou nan foul la, se moun ki rankontre yon kote vreman sou plan ideyolojik nou wè. Ekzanp: Magalie Comodenie, Don Kato, Fanfan Moïse, Pierre Rigeau Chéry, Kesler Bien aimé…elatriye. vreman, gen yon chanjman ki merite fèt nan peyi a.

Daprè konsta nou, Palto Vanyan antre nan menm dinamik teyat Franck Fouché yo nan ane 60-70 an motan yo. Teyat la konpran dinamik popilè a. Soufrans lan, grangou a, lang lan, idantite a…Manno mania se ta yonn nan premye komedi mizikal Ayisyen ki dwe make jenerasyon sa a ak jenerasyon k ap vini yo pou batay la ka toujou rete doubout.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.