Otè Douglas Zamor
Filozofi lekriti se kreye epi rekreye lòt mond paralèl. Malatchong parèt an Ayiti epi anpil moun tonbe bat bravo pou li. Poukisa? De konsiderasyon posib.
Ane senkant an montan yo pral make istwa pwezi ayisyen an sou de plan: premyeman, se pou premye fwa pral gen yon liv pwezi konplè ki parèt nan lang ayisyen an. Se Moriso Lewa ki ekri li. Liv sa rele » Djakout ». Dezyèmman, François Duvalier ki te fè pati Lekòl Griyo yo pral monte kòm prezidan nan tèt peyi Ayiti an 57. Se msye ki fè nou plis fokis sou ideyoloji nwaris la. Li te panse li te reprezante koz (mas popilè nwa a) poutan se menm li menm nan ki t ap anpeche yon seri aktivite sou/ak kreyòl mas la fèt. Se li menm ki te chase emisyon solèy ak tout manm Sosyete Koukouy ki te konn anime li yo sou Radyo karayib nan ane swasant yo. Gen nan manm sa yo ki te pran prizon Fò Dimanch. Sa vle di, menm moman kreyòl la ap trase lòt chimen se prèske menm moman an palasuit yo pral mete baboukèt nan bouch ak anba plim yon bann kategori moun nan sosyete a. Listwa rapòte nou, Duvalier te konn sèvi ak lang yo pou li ka fè mistifikasyon. Se fransè li te mete devan.
Wolbens Jean-Baptiste li menm vin avèk 《Malatchong》li pibliye anba chapo Edisyon Rasin an Ayiti, ane 2018.
N ap gade de (2) bagay tou ki make aparisyon liv sa: premyeman, se premye liv pwezi powèt la ekri, premye pitit gason li osnon premye pitit fi li nan domèn literati. Sa depan piske nou toujou di nan yon lojik konsansyèl depi yon moun ekri yon liv se yon timoun li akouche. Nou ka di tou an pasan pwezi pa gen sèks, li viv tankou lamistè. Donk, Malatchong se yon powèm danmbala powèt la ekri, sa vle di, yon powèm ki long.
Dezyèm bagay ki make aparisyon liv la sèke li parèt nan yon kontèks politik ak sosyal ki favorize li. Lontan se fransè ou te dwe metrize pou yo te rekonèt ou kòm ekriven nan peyi a, jodijou sa chanje. Ou kapab pibliye premye liv ou nan lang ayisyen an epi anyen p ap soti sou valè ou kòm ekriven. Se sa ki rive pou Wolbens Jean-Baptiste. Msye antre an granmoun nan zafè pwezi a. Tout figi li pouse bab. Pwezi a mikre anba plim msye. Men fòk nou di tou pou listwa se pa li ki trase chimen an anvan. Genyen Manno Ejèn ak Pierre Michel Chéry, de gwo ekriven ayisyen ki ekri sèlman an kreyòl. Nèg sa yo trè bon. Nou gen ekzanp Dominique Batraville tou ki pibliye premye liv li an kreyòl, men apre sa, li vin pibliye an franse.
Fò n di《Malatchong》 pote yon lòt espwa nan lang lan. Li trase koub ki montre nou vizyon nou genyen sou kesyon ibanism nan peyi a. Ann wè sa li di nan paj 46:
…èske w konnen
Pwovens donnen kou djondjon
Sou tout kò Pòtoprens….
Nou ka analize pawòl sa yo sou plan fizik espas la. Nan sans yon bann ti zòn ozalantou Pòtoprens se moun pwovens ki abite yo. Konsa tou nou kapab pran li sou plan popilasyon. Ou konn pa ka fè diferans ant moun ki moun Pòtoprens ak moun pwovens nan kè Pòtoprens lan menm. Se sa ki fè nou di pwezi se lavi.
Epi nan paj 32 a, li fè nou sonje ti jwèt kachkach manba nou te konn fè lè nou te timoun.
… se lanjelis ki fè m bare solèy ak lalin
k ap boukante lang je fèmen
zetwal jouke an kalifouchon
nan janm ou byen lwen
ap fè lanavèt…
Koze sa yo gen anpil gangans nan yo. Se pye asowosi yo ye. Depi yo plante nan bouch yon moun sèlman, y ap donnen, yo prale tout kote moun ekziste nan mond lan. Wolbens Jean-Baptiste se yon powèt wòdpòt.
______________
N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :
https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/
https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08
https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn