Now Reading:
Manno, yon temwanyaj sou vivasyon
Full Article 6 minutes read

Manno, yon temwanyaj sou vivasyon

Otè Orso Antonio DORELUS

Nan rekèy sila Manno livre l ba nou. Li di n tout sa ki pase devan je li ak fonnanm li tankou yon miwa ki la pou l reflete sa k frape sou sifas li san wete ak mete. Malerezman, nou pa la pou n fè travay semiyotik kote n ta ka gade dimansyon sentaks, limenm ki se syans ki la pou fè rapò siy antre yo oubyen semantik kote pou n ta eseye lye siy yo ak reyalite a nan plede pran kèk estwòf oubyen kèk vèsè nan powèm yo pou yon demach deskriptif. Men nan ti egzèsis sila n ap eseye pito sezi kòman yon rekèy konsa kapab pèmèt nou panse nan yon demach estetik kritik oubyen chamanis atistik kritik. Pou dayè nou ka menm komanse di Manno itilize pwezi pou li panse nan yon dyalòg konsansyèl ak pwop tèt li anpi pragmatikman ki s on envitasyon pou pwodui efè konsomatwa lakay kontanplatè li pou yon jwisans komen senpatizasyon ak anpati.

Tit rekèy “Pwezi pou m anwoule tan mwen” an, si n vle ranplase anwoule, nou te kapab di mezire, pwezi pou Manno mezire tan li, anwoule tan li pou l fè bilan vi li e pwezi sèvi li soupap pou l rive fè sa piske atizay se rezilta memwa.

San bliye premye tit rekèy la se te “Pwezi pou m mezire tan mwen”. Men pou plis imaj li chanje l. San bliye tou li koresponn ak demach pwezi anwoule a ki anchouke nan imajinè kolektif la, memwa kolektif la. Nan sa ki gen awè ak memwa powèt, se depi Platon yo konside yon powèt gen yon memwa transandantal ki pèmèt li sonje sa li t ap viv nan monn entèlijib anpi ki pèmèt li kapab di, pale bagay moun pa konprann oubyen kreye emèvèyman paske li anime ak menm fòs oubyen konsyans ak yon pwofèt.

Se konsa, Manno tanmen nan yon demach estetik kritik oubyen chamanis atistik kritik pou panse yon panse ki pa bobo ak kèk teyori syantifik. Otremandi, Manno Ejèn pa bezwen ekwasyon matematik pou l mezire tan li, pou l anwoule tan li, men souvnans li, memwa li ki se pwezi kapab sèvi li achiv oubyen mezirèt, sitou Manno rete kole-sere, menm nan ekriti li, ak tradisyon oral la. San bliye sosyete tradisyonèl yo, primitif yo kote pasasyon lakonesans fèt vèbal nan itilize demach oraliti.

Se youn nan rezon Manno Ejèn pwojte l nan tout sa li wè, sa li tande, elatriye, anpi li kite anwiwonman li pale nan non li ak fè anviwonman li pale pou memwa li toujou rete fidèl ak li. Pou pa pèdi kapasite sila, li oblije nan yon pèpetyel lapawoli, l ap riminen oubyen nan echanj kotidyen ak pwòp tèt li pou l pa pèdi fil souvnans li.

Tout powèm yo ekri opremye pèsonn paske l pito pale ak tèt li olye pou li pa ta pa pale menm. Li pa vle bliye sa li viv konsyan oubyen enkonsyan. Nan menm lide pa bliye a, Manno tou di n, sans yo se sous lakonesans paske antanke powèt li wè pou l ekri, li touche pou l ekri, li tande pou l ekri, li santi pou l ekri, li pran gou pou l ekri. E sa vin kreye yon senbyoz atizay total lakay li paske se sans yo ki kreye mantal li oubyen sichik li kote estrikti odyo-fonik, odyo-oditif, manipilatè, gou, santi mete ansanm pou bay nesans ak aparèy sansori-motè ak aksyon yo pou kreye emosyon lakay li ak pèmèt li rete ankontak ak monn eksteryè li nan yon pwosesis aji ak idantifikasyon.

Idantifye se kapte, kapte se memwa, pale se pran konsyans nou gen memwa. Paske premye enstitisyon oubyen règ, lòm komanse suiv, keseswa jiridik, moral, politik, se lapawòl paske lè l ap pale li pran konsyans l ap pale, kòman pou l ajanse mo yo anpi sa l ap fè pandan menm l ap pale a.

Piske Manno Ejèn konnen yo pa ka mezire lakonesans, menm lang tou, kom se powèt li ye, li pran lapawòl nan kreye divès langaj pou mete l an sitiyasyon pou panse, rakonte ak aji. Sètadi si Manno kapab sonje se paske gen pwezi, limenm ki gen rapò ak sans yo k ap kreye imaj nan mantal li sou efè imajinasyon dyalojik li pou l kreye nan lide pou l montre l ap viv.

Manno kreye siy, li itilize siy, li entèprete siy pou l pa rate yon yota sou vivasyon ak devnite li. Paske si lojik la di tan an ap manje tan an pou yon lòt tan kapab pran nesans anndan menm tan sila, Manno toujou vle rete temwen nan estoke enfòmasyon pou l rann temwanyaj ak tèt li oubyen ak antouraj li ak gade lonn vi li anndan chak powèm li. E imajinè li rann li sa byen fasil pou l toujou ranmase pou l kapab sonje jan chante tradisyonèl la di li a. Zoutiy metrik Manno se pwezi. Kiyès ki pa konnen anpil liv pwezi ki te nan tradisyon oral patisipe nan fè fouy akewolojik?

Atizay se memwa. Nou tout ap estoke enfòmasyon nan yon fason oubyen yon lòt. Toutotan n ap kreye, nou nan demach powozopope vèbal oubyen piktiral se matyè n ap mete nan mantal nou ki va sèvi temwanyaj pou n rakonte. Paske ansanm souvni nou genyen pote tout yon pase k ap gen pou deplwaye nan prezan ak fiti. Se sa Powèt Manno Ejen fè ak tout sa li fè pale yo pou kreye yon bote atistik pandan l ap livre imajinè li ba nou. Si n bezwen konnen tan Manno toutbon, pandan l ap fèmen l pou bilan, jis ouvri rekèy sila…

______________

N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.