Now Reading:
Ayiti / Kilti: Konferans deba nan okazyon Festival Entènsyonal Literati Kreyòl
Full Article 2 minutes read

Ayiti / Kilti: Konferans deba nan okazyon Festival Entènsyonal Literati Kreyòl

 

Anba men Biondy Effero LEON

 

Nan okazyon dezyèm edisyon festival literati kreyòl, yon konferans deba te òganize jedi 3 desanm 2020 an nan sal oditoryòm lekòl kolèj Marie-Anne nan Christ-Roi kote plizyè elèv nan lekòl sa te reponn prezan pou te tande kèk temwanyaj diferan pèsonalite sou enpòtans literati kreyòl la genyen nan sosyete a.

 

 

Pami pèsonalite yo te genyen: Jean Emmanuel Jacquet, Direktè Jeneral Direksyon Nasyonal Liv, Pierre Michel Chéry, youn nan manm Akademi Kreyòl Ayisyen epi ekriven matiniken Yves Marie Seraline

 

Pierre Michel Chéry, nan rankont lan, tap eksplike nan tan lontan te gen anpil diskriminasyon ki te konn fèt lè yon moun te konn ap pale kreyòl. Ekriven an di li mennen anpil batay pou pèmèt lang kreyòl vin genyen anpil enpòtans nan sosyete ayisyèn nan.

 

Direktè Jeneral Direksyon Nasyonal Liv la, Jean Emmanuel Jacquet, ki tap eskplike anpil eksperyans li fè nan domèn ekriti ak lekti. Mesye Jacquet kwè li nesesè pou tout timoun, pi presizeman elèv yo, pou yo li pi souvan sa k’ap pèmèt yo konn ekri.

 

Yves Marie Seraline ki se ekriven Matiniken mande elèv yo pou kontinye fè valè lang ak ekriti kreyòl la ki se idantite kiltirèl yo.

 

Ekriven epi powèt Illéus Papillion klotire aktivite sa ak yon tèks li tap deklame pou te fè elòj bèl mo ki genyen nan lang kreyòl la.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.