Now Reading:
BMPAD selebre Jounen mondyal liv ak dwa otè
Full Article 3 minutes read

BMPAD selebre Jounen mondyal liv ak dwa otè

Par Iléus PAPILLON

Nan kad Jounen mondyal liv ak dwa otè yo 23 avril 2021 an, Bureau de Monétisation des Programmes d’Aides au Développement (BMPAD) òganize nan lokal li, Bèlvil, yon kozri espesyal pou anplwaye li yo sou tèm « Enpòtans liv ak lekti ».

Se powèt Anivince JEAN BAPTISTE ki te prensipal entèvenan nan kad inisyativ sila a. Mèt liv Zo kanzo a fè konnen, li enpòtan pou yon moun li, men li pi enpòtan toujou pou moun nan konnen sa l ap li paske sa moun nan li se sa li ye. Nan lekti, nou ka dirije lespri yon pèp, selon prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la. Lekti fè nou reve, li fè nou wè lavi yon lòt jan, sou lòt ang. Lekti fè nou gade tèt nou pi byen. Lekti fè nou vwayaje ni nan tan ni nan espas. Nou ka chita Pòmago oubyen Monben Kwochi epi n ap vwayaje nan liv yon otè senegalè. Se pou sa, li enpòtan pou otè yo teni kont de lang pèp y ap ekri pou li a. Pou nou rive demokratize lekti tout bon, li nesesè pou nou dekri reyalite moun yo, men tou pèmèt moun yo konprann sa ki ekri pou yo epi sou yo. Anivince te pwofite pale tou enpòtans liv odyo yo genyen pou rive touche menm moun ki pa konn li.

 

Marie Danielle PIERRE CHARLES, yonn nan manm kominikasyon BMPAD pa te kache satisfaksyon li pou bèl aktivite sila a. Madam PIERRE CHARLES fè konnen, lekti ka fè nou vwayaje. E se paske lekti se yon sewòm pou lespri menm ki fè BMPAD wè chwazi make dat sila ak yon kozri sou enpòtans liv ak lekti.

 

Anplwaye yo te poze anpil kesyon. Majòjon ki t ap mennen kozri, Anivince, te reponn yo nan yon anbyans konvivyal. Tout moun te soti satisfè.

 

Edisyon Freda te pwofite okazyon an pou prezante dènye zèv otè a ki pote tit Géométrie de l’absence ki soti nan Edisyon Freda nan mwa fevriye 2021 an.

 

Si divès lòt enstitisyon nan Leta pa bay dat 23 avril la regle anyen pou yo, BMPAD ki gen nan tèt li Mesye Fils-Aimé Ignace SAINT FLEUR, nan kad echanj sila a, montre liv, lekti, koze lespri… gen gwo enpòtans nan sa ki gen pou wè ak devlòpman yon sosyete.

Observatoire Patrimoine ankouraje inisyativ sila.

 

Pou Observatoire Patrimoine (OBPA)

 

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.