Anba men Walner OLIVIER
Premye edisyon « Festival CréoloFolie » a, ki dewoule soti 22 pou bout 24 oktòb 2021 an nan vil Pari, Kapital peyi Lafrans, se yon reyisit. Prestasyon mizikal ak atis angaje Bob Bovano, ekspozisyon zèv latizay ak atizanal, defile, konferans, se kèk nan ansanm aktivite ki make fèt kiltirèl wòdpòt sila, ki òganize anba tèm « Kreyòl la se mwayen ki pou pèmèt nou pratike viv ansanm » .
Ekip òganizatè a onore Minis Kilti ak Kominikasyon an, Jean Emmanuel Jacquet – ansyen Direktè Direksyon Nasyonal Liv ( DNL) – ak atis Jean Belony Murat-Belo. De (2) envite ki te alonè pou premye edisyon an. Fason envite yo te resevwa plak yo se te yon bagay apa, se sa kòdonatè festival la, Wilguens Pierre Jean, lese konprann.
« Premye edisyon » Festival CréoloFolie » a, piblik la te fè deplasman. Echanj yo te trè anime. Entèvenan nou yo te satisfè piblik la. » « Kalite echanj ki te genyen ant patisipan ak konferansye yo, defile medam yo ak rad Kreyòl, prestasyon ekstwòdinè Bob Bovano yo » , se kèk kichòy ki plis make kòdonatè festival la, Wilguens Pierre Jean, nan deklarasyon li nan « Sibelle Haïti » , pou eksprime kontantman li pou òganizasyon woumble kiltirèl sa nan okazyon selebrasyon mwa kreyòl la.
Plizyè konferans te fèt sou lang kreyòl la nan moman manifestasyon kiltirèl sila. Entèvenan yo gade divès fasèt sou lang sa ki simante tout Ayisyen. Wòl li nan demokrasi an Ayiti, rapò sosyal sitwayen yo devlope ak li e rapò « matlotay lengwistik-/diglosi » ki egziste ant kreyòl ak franse a nan sosyete a.
Anne Louise Mesadieu, Konseyè Rejyonal Île-de-France (Lil de Frans) te prezante konferans li sou »Enfliyans lang fransè a nan kilti ayisyèn », Robert Philomé, Jounalis medya France 24, ki fòme nan lengwistik te boukante lapawòl sou »Kòman jounalis yo nan travay yo ka vann lang kreyòl la », Pwofesè Wilson Chéry te pran lapawòl sou tèm »: Pale kreyòl mouda ouvè », Minis Kilti ak Kominikasyon an, Jean Emmanuel Jacquet te wè, »Nesesite pou n makonnen lang kreyòl la ak lang fransè a (tou 2 se lang nou) »,
Doktè Jacques Nesi, nan yon linèt politik, te entèvni sou tèm »Eske lang kreyòl la bay bourad oubyen l frennen demokrasi a nan peyi Ayiti ? », konsil Richardson Etienne te wè, »Wòl kreyòl la nan kominote ayisyèn ki nan dyaspora a ».
Boutofen, Orso Antonio Dorélus, kamwezoun nan Istwa Latizay te fè prezantasyon l sou »Mizikalizasyon diglosi lakay Jean Herard Richard ».
James Fleurissaint bò kote pa l te prezante yon adaptasyon »Gouverneurs de la rosée » an kreyòl, se sa Wilguens Pierre esplike.
Piblik la ki te fè deplasman te byen apresye festival la. Pou yo se yon inisyativ ki merite ankouraje, yo menm swete nou fè lòt edisyon an Pari, se mo ankouranjman kòdonatè a di l resevwa pou aktivite sila.
Komite òganizatè a te rankontre difikilte sou wout yo. « Kowona te gen efè sou nou. Kèk pèsonalite ki te dwe vini ki, malerezman, pa t ka vini » , se sa Wilguens Pierre Jean rakonte, mete sou pwoblèm lokal ki te genyen.
Komite òganizatè a di yo retire chapo yo devan tout moun ak enstitisyon ki te ride evènman sa reyisi, espesyalman Ministè Kilti, envite donè yo epi tout medya yo.
Randevou kase pou lane 2022. Plis detay sou 2yèm edisyon an, se nan jou k ap vini yo, se sa Wilguens fè piblik la konnen.