Now Reading:
‘‘ZEFELE: Yon powèm boula’’, yon bouke zetwal Jean Verdin Jeudi trese
Full Article 3 minutes read

‘‘ZEFELE: Yon powèm boula’’, yon bouke zetwal Jean Verdin Jeudi trese

Anba men Walner Olivier

Latizay ki touche nanm nan sa y ap simaye kòm enèji pa sispann kwaze youn lòt nan bèlte yo. Kwazman sila chita nan pwezi‘‘ZEFELE’’ Jean Verdin Jeudi pibliye nan lane 2018, nan Editions Floraisons. Pwezi sa konstwi ak yon gangans djougan. Kadans ki chita nan vè yo mennen w ale, rale w vini kou yon melodi mizikal. Gen moun ki ka di se yon twoubadou, yon grenn siwèl pou jan l ka souke anndan lektè yo, fè yo leve pye yo nan yon ale vini.

Nanpwen kichòy ki pi bèl pase lanmou. Echanj de moun damou, ou ta di de pijon k ap chante yon kantik nan 5è nan maten. Se tankou de toutrèl k ap fredone yon chanson ki ka fè kè souri e zòrèy kadanse. Lè de moun renmen rive fonn youn nan lòt, zany yo awoyo. Syèl la fè fèt, se sa powèt yo fè konprann. Se tout pawòl batman kè sa yo ki ap monte desann nan powèm ‘‘Zefele’’ a. Jean Verdin Jeudi kouche pawòl yo nan je anmourez li nan liv la ki se Dede. Kap powèt la pran van sou riv Dede ki sanble sere lalin lan nan souri l.

Powèt la lage konsa:

“Dede

Se pa fouyapòt si m di w

Nan lote koulè souri/

Ki makiye figi vivan

Lakansyèl gen pou dòmi sou bra w

Menmsi lannuit anpaye w Se pa mwen ki pou di w bò isit Se ak moso souri moun pyese rèv ki fele”(p.20)

“Chan sa a twò lou pou vwa m

Powèm lan va ede m pran yon kouplè

Refren an pou m avè w leve” (p.23)

 »Mwen pa wosinyòl K ap jwe serenad Pou bay tan an foli damou

Ni yon ti sous dlo

K ap bougonnen pou chamaye douvanjou

Men vwa m ak vwa w Ka toke kòn ak lapli sou do kay tòl”(p. 23)

Pwezi, kou tout lòt latizay, pa sispann bay lektè friyan yo satisfaksyon. Powèt la nan adorasyon powetik li yo fè lektè l yo ap balanse tèt nan dekouvri t(w)ou boto ki nan manman lanati. Li kwè lavi jwenn souf li yon kote espesyal nan kò fanm.

 ‘‘ Chak tou lonbri

Se yon paratèz ki louvri san fèmen

Pou anbrase lavi…’’(p.43)

 Si w kwè l manti, vire nan paj 44 pwezi a w ap jwenn li kite lektè yo fini powèm lan:

 »Mwen kite chit powèm lan Tak dlo yo va fin ekri l

Nanpwen byenere pase tak dlo Nan koridò do touni

Soti nan wonn kou

Glise nan kanari toulonbrik

Al lave je

Grann Sentàn ».

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.