Now Reading:
KIREKK: yon òganizasyon k ap travay pou kwape vyolans nan katye popilè yo
Full Article 2 minutes read

KIREKK: yon òganizasyon k ap travay pou kwape vyolans nan katye popilè yo

 

Par Richardson PIERRE

Depi plis pase de (2) lane, Kolektif Inivèsitè pou Ranfòsman Edikasyon Kominotè ak Kilti (KIREKK) ap tanmen yon dividal aktivite nan katye popilè yo. Yon fason pou pote yon lòt altènatif (chwa), yon lòt vizyon ak jèn ki nan katye defavorize yo. Aktivite sila yo, chita nan objektif pou ede jèn nan katye yo bliye yo, pou yo chanje sitiyasyon vyolans yap fè fas chak jou a.

Òganizasyon Kominotè sila, pouse boujon li jou ki te 16 oktòb 2018 la, Nan lokalite Kafou Fèy. Aprè plizyè jèn te fin byen mete nan tè semans sila, ki te okipe lespri yo, depi kèk lane. Daprè Rénald CONSEILLANT, ki se Fòmatè epi Kòdonatè Kolektif la, KIREKK regwoupe yon ekip jèn Inivèsitè ak pwofesyonèl konsekan kap pataje konesans yo, nan lide pou konbat vyolans nan Kominote yo. Nimewo en(1) Kolektif la fè konnen, KIREKK travay espesyalman ak jèn nan katye popilè yo, katye yo bliye yo.

Chak ane Kolektif la toujou chwazi yon eslogan pou gide ansanm aktivite yo. « Vyolans detwi, konesans konstwi, Ann fè bon chwa », se tèm ekip la kenbe pou ane a. Se yon tèm ki enskri nan demach pou sansibilize jèn yo pou yo fè bon chwa a, ki se konesans. Pandan yap refize vyolans yo wè chak jou nan katye yo, pou yo anbrase konesans pito, ke yo pa jwenn fasil nan katye yo. Paske yo pa gen aksè ak Edikasyon.

N ap raple, KIREKK sot selebre twa(3) lane depi yo te wè jou, jou ki te 16 oktòb 2021 an, nan lakou « Kay Papi Jean », ki sou Bwa Vèna (Rue Villemay). Aktivite anivèsè sa te reyini plizyè jèn nan katye popilè yo. Se yon selebrasyon ki te make pa twa(3) moman. Yon moman kozri sou enpòtans travay ak jèn ki ap evolye nan katye popilè yo, avèk Fresner Michel ak Volcy Doko. Answit, yon aktivite kiltirèl ki te anime pa komedyen-dizè Jethro Erney. Boutofen, yon ti kolasyon ki antre nan tradisyon selebrasyon anivèsè a, depi twa lane.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.