Now Reading:
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FELkreyòl) pati pou yon dezyèm edisyon 
Full Article 2 minutes read

Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FELkreyòl) pati pou yon dezyèm edisyon 

Par Valéry Gérôme

 

Depi lane pase, nan mwa desanm 2019 pou pi presi, Jean Baptiste Anivince gras ak emisyon li anime sou « Signal FM » ki pote non « Pawòl kreyòl » nan tèt kole ak « C3 éditions » epi « Fondation Maurice Sixto » lanse premye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan Karayib la ki fèt sèlman sou prodiksyon zèv ki fèt an Kreyòl. Ane 2020 an, malgre gwo difikilte peyi a ap konfwonte ekip (FELK) la lanse dezyèm edisyon kokenn chenn aktivite sila a k ap fèt nan dat 2 pou rive 6 desanm.

 

« Pouki n ap fè Literati », se tèm sa a òganizatè yo pwpopoze pou Dezyèm edisyon festival la. Se envite donè Raphaël Confiant, ekriven matinikè k ap gen pou l bwase lide ak patisipan yo sou tèm sa, ak kèk lòt otè tankou: Lyonel Trouillot, Jean Euphèle Milcé, Inema Jeudi, Jessica Nazaire ak yon pakèt lòt ankò.

Festival entènasyonal literati Kreyòl la pa vini pou korije lang lan ni defòme l; men li vin pote yon kontribisyon pou pèmèt kreyòl la valorize plis sou tout fas tè a.

 

Objektif festival la se fè promosyon pou lang lan, pèmèt zèv ki fèt an Kreyòl plis blayi sou teritwa a, epi fè kèk otè ak zèv ki fèt an kreyòl yo parèt. Kèk objektif spesifik FELK: Fasilite diskisyon, deba, echanj nan mitan pèp kreyolofòn yo; kreye yon espas espesyal pou difizyon ak pwomosyon pwodiksyon literè lang

kreyòl; ankouraje plis moun pwodui an kreyòl ; fè popilasyon an dekouvri otè ak zèv ki donnen nan jaden literati kreyòl la; epi, kreye yon espas deba ak diskisyon ant otè ak lektè.

 

Men kèk aktivite ki prevwa fèt pou dezyèm edisyon an: konferans, teyat lari, vant siyati ak ekspozisyon Liv, emisyon espesyal nan Radyo, Televizyon ak rezo sosyal yo, lekti senik, fwa Liv, atelye ekriti pou Timoun ak jèn, omaj ak projeksyon fim. Ane sila a, nonplis festival la ap fèt nan twa (3 ) vil nan peyi a (Pòtoprens, Gonayiv, Ench) men tou, l ap posib pou tout moun swiv kèk moman nan festival la sou telefòn yo oswa sou òdinatè yo, depi yo gen bon jan entènèt.

 

Randevou a kase nan kòmansman mwa desanm 2020 avèk Festival Entènsyonal Literati Kreyòl. Rete branche!

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.