Now Reading:
Florence Lafalaise pibliye « Katakata Kooow », yon istwa danfans wololoy
Full Article 4 minutes read

Florence Lafalaise pibliye « Katakata Kooow », yon istwa danfans wololoy

 

Anba men Walner Olivier

 

“Katakata kooow”, se yon tèks Florence Lafalaise ekri, ki parèt nan « Edisyon 2 Kreyòl Yo » , pou lane 2020 an, nan koleksyon « Istwa Danfans » . Otè a pati ak yon tit ki se yon onomatope ki imite bri yon loray. Zèv sa se yon istwa pèsonèl kote otè a pataje ak lektè yo, yon evènman ki te rive l lè l t ap grandi. Yon kout loray te fè l pèdi bonnanj li, kote l rive fouye pye l nan yon chodyè sòs manman l t ap prepare. Sa ki te fè manman l te ba l yon bèl koreksyon.

 

Florence te konn anpil peripesi lè l te piti. Se timoun bò lakay li ki konn ap fawouche l. Bagay sila rive paske l te pè loray anpil. Jou ti zanmi l yo te vin dekouvri sa, se sa yo bliye yo pa fè l pase. Nan chimen lekòl, nan chimen legliz, yo te fè l monte lesyèl pa do, se sa edikatris la fè konnen. Li konn kriye e menm pete batay pou jwenn yon repo. Fawouch la kòmanse pou li lè l te pete kouri pou yon kout loray. Lespri l voltije. Li rantre pye l nan yon chodyè sòs, konsa Florrence rakonte n listwa ki te pase nan yon dimanch apremidi. Manman l te fè po bouda l pou fè l pran men l.

Nan demen maten,«…yo pran rele m ’’ Tikriyepouloray’’. Epi yo te di sa yon fason ki te fè m prèt pou debòde, (p.11).» «Kidonk, depi lè sa a, timoun yo pa t kite m viv.Tout kote yo te wè m, sa k te pran rele m, ‘’Tikriyepouloray’’, sa k te pran sonnen byen fò, ‘’katakata…kooow’’. Kit mwen t apral lekòl, kit mwen t apral legliz, se te toujou menm chante a, p. 11 », konsa Florance ap rakonte moman maswifwe yo te konn fè l pase. « Menm goumen mwen te konn goumen pafwa ak yo pou m te eseye fè yo sispann,» se konn reyaksyon l, menm janm ak anpil lòt timoun, pou koresponn ak fawouchè yo, pou jwenn yon kanpo.

 

Si Florence t al kache anba kabann pou loray la, manman l pa t kite l konsa, se sa l esplike. Manman l te rale l soti. Li fè po l ak sentiwon. Men sa manman l te di li : « Gwosè timoun tankou w, kòman w fè prèske touye tèt ou pou sa sèlman, m ap kale w pou sa, pou w pa janm fè sa ankò. Ou konn wè m al kache pou loray?», ak pawòl sa yo manman l te bal yon bèl koreksyon pou lavi. Depi jou sila, Florence pa janm gen konpòtman sa. Se te yon bèl leson.

 

Listwa sila fè tout moun sonje yon bagay ki te rive l lè l te timoun. Anpil moun te gen ti non fawouch. Nan douvan pòt liv la, otè a, ki se yo gwo fanm kounye a, mande tèt li poukisa jan de bagay sa te rive lè l te timoun. Yo te konn rele florence «:bèl longè, gòl nan bannann, pye palmis, poto limyè, bwa, bale ». Men, li reponn pou l di : Mwen te timoun. Sèl repons ki te ka soulaje l, li di.

Florence Lafalaise se moun Jakmèl. Li dekwoche yon lisans nan Syans Edikasyon nan «Université Notre Dame d’Haiti», branch Jakmèl. Pou kounye a, li ap fè yon metriz, toujou nan Edikasyon, nan «Institut Catholique de Paris.»

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.