Now Reading:
Handgod Abraham pote videyo anba dra a
Full Article 4 minutes read

Handgod Abraham pote videyo anba dra a

Otè Oralus Christ-Falin

Nèg Ti Gwav, manm komite asosyasyon MOLICAJ nan Ti Gwav. Li pibliye deja « Tou limen » an 2014 ak Edisyon Choukoun epi « Au paysage de ma muse » nan lane 2015 lakay edisyon Pullùcia. Anba dra se dènye rekèy powèm li ki soti nan Floraison.

Anba dra s on videyo, s on pla men cho powèt la bay madjigridji. Anba dra s on kout rach nan tèt vè leta. S on konplo ekriven an fè ak lang lan pou detwone malpwòpte nan figi Vil Pòtoprens. Pwezi li a pa vin tire kont ni fè devinèt. San ale lwen pou marande mo yo, pou kreye imaj bastrak, nan yon estil ki pa konplike ak konplisite entèlijans emosyonèl Powèt la epi fòs pawòl yo, pwezi yo siprann nou. Chak payèt reyalite a make, yon gòl tonbe nan kan dezagreman. Endiyasyon yo anpil, pwoblèm yo anmèdan ki powèt ki ka rive depase yo pou danse ak lonbray zetwal ?

Inema Jeudi te di sa, fòk kè w mou pou w powèt. Andgod pa chwazi fè lalin pwomès, ni li pa chwazi fè fanm dòmi dous. Tout prèv sa yo montre nou kijan Pòtoprens ava pou toumante lespri powèt yo. Nou ka wè sa nan « le doute de la main » Koutchèv ekri, nan « Sèt Priyè lari » Ileyis Papiyon te ba nou ak nan plizyè lòt rekèy jèn jenerasyon sa a pibliye.

Lè w ap li liv la, li gen dwa pa mande w sa w vle tande men anverite li di tout sa li anvi di. Si sa s on mal nou va sispann li. Apresa nou te ka di menm jan ak yon zanmi ekriven alovouzan tout mo rasis. Mo ki nan tenke sou kote osinon mo ki pa sanble ak figi vwa k ap pale. An reyalite èske gen mo ki rasis ? Èske gen mo ki ka bare lawout pou lòt mo pa pase ? Konn gen kèk mo nou konn tande, nou pito joure mèt yo men kanta mo yo, yo inosan. Byen pou yo, mal pou nou. Se toujou mal sele k ap foule. Se vre peyi a tèt anba men san pa desann nan tèt tout moun. Gade la pou w wè :

« Lasent vyèj boude

Devan kwi pòv Bondye

Peyi a

Pandye tèt anba

Lavi

kwense nan panno

Lamizè

Gagote sou vant malere

Grangou

Kaye nan kwen dyòl »

Yon kout flach pase voup. Yon pakèt imaj moute nan kamera powèt la. Li wè tchovi yo. Li wè grangou a. Li wè plenn yo. Li konprann katon an. Videyo powèt la ba nou an bèl anpil. Li fè nou souke tèt nou pou n souri jan kamera a pran imaj yo. Men sa nou rive wè a bay plis kè plen pase lakontantman. Men sa ma ka anpeche nou di viv Pwezi ki konn kijan yo bay nouvèl.

« Dèyè rido

Yon ti touf solèy

Fè plòt

Tèt sou tab

Tab sou tèt

Kokobe sou gaya

Fil anasi bare chimen »

Si twa pouvwa yo maspinen nou, powèm sa s on akizatè. Tankou yon travay Kastra fè nan plòt. Handgod fini liv la ak lendèks li pwente sou twa zanmi yo. Chif twa sa ki kenbe yon chodjè makawon pou kuit salte ba nou bafre. Anverite, si pwezi pa t egziste, silans t ap opresyon.

« On rale mennen vini

On van k ap kouri

On nouvèl k ap gaye bravo

On tololo k ap mache pòtapòt

On tolalito pwason katèl

Nan mache lavil twa pa twa

Lote twa pa twa

On jwèt wonn nan mitan kalfou

Twa fwa twa fwa pase

Kat sou tab

Zèl ap file twa pa twa

– Ladènye pou kilès

– Tout pou Leta  »

______________

PS: SiBelle Haïti veut produire un travail de qualité dans le secteur, et pour cela, souhaite vivement financer son programme pour qu’il puisse durer. Si vous êtes intéressés à contribuer ou à aider, envoyez un mail à sibellehaiti@gmail.com, notre équipe s’entretiendra avec vous pour savoir comment vous pouvez le faire.

N’hésitez pas à aimer nos pages Facebook, Twitter et Instagram, à partir de ces liens :

 https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.