Now Reading:
JENI DRID: Premye edisyon konkou epelasyon  nan lang kreyòl 
Full Article 2 minutes read

JENI DRID: Premye edisyon konkou epelasyon  nan lang kreyòl 

 

Par Sahidna Antoine

 

DriD Antrepriz lanse lendi 27 jen 2022 a, premye edisyon konkou epelasyon nan lang kreyòl ki batize « Jeni DriD: map  eple mo kreyòl » pou komin Dèlma , Taba ak Pòtoprens.

 

« Nou lanse jeni DriD nan objektif  pou vann ede lang kreyòl la jwenn valè l nan peyi a, anrichi konesans chak timoun soti 8 pou rive 15 lane, men tou, chanje pèsepsyon moun , sitou ayisyen genyen », pawòl prezidan direktris jeneral DriD Antrepiz la, Drianca Derice.

 

Konkou sa a  kap dewoule soti 14 jiyè pou rive 19 dawout nan lokal Banj, anba tèm : Lang mwen se orijin mwen » ap gen plizyè faz  : « Apre enskripsyon kap bout jis 10 jiyè, timoun yo ap swiv soti 14 pou rive 16 jiyè, seyans antrenman, kote nap fèt listwa lang kreyòl la ak yo kandida yo ap benefisye Fòmasyon sou istwa lang kreyòl lan, kit eskolè ak bous lekòl » pou nou repete  Pierre Arnold  Junior kise respektivman inisyatris jeni DriD ak responsab kominikasyon antrepiz lan.

 

Anplis fòmasyon kap gen pou bay, inisyatè yo anonse plizyè pri pami yo: »  kit eskolè , meday ,40 000 , 25 000 ak 10 000 goud sou fòm bous pou 3 premye gayan yo.

 

Nap raple, premye edisyon  Jeni DriD lan te deja anbrase komin kenskòf nan mwa me 2022 an ,kote lekòl Batis Kenskòf soti Chanpyon, Sant Espwa pran  Dezyèm plas  ak CEGEK Twazyèm lan.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.