Now Reading:
Jeremi, ti kozman Vandredi-Sen sou Plas Dima
Full Article 3 minutes read

Jeremi, ti kozman Vandredi-Sen sou Plas Dima

Par Mérès Wèche

C’est une série de textes titrée « Kozman », produite par l’écrivain, peintre et critique d’art, Mérès Wèche. Des textes d’une rare beauté qui se situent dans le croisement du conte et de la poésie. Dans cette nouvelle série, l’auteur nous plonge dans l’univers du Vendredi-saint.

Kozman 1

Mezanmi, kite kozman, pran koze, jodia se Vandredisen
Jou chou palmis, lwil dirès, ak bè kopennag, nan Jeremi
Nou pa dwe bliye tou, pwason sèsh, bèt wouj ak lanmori
Men, m ap mande Jezi padon pou m bannou yon lòt zen

Kozman 2

Avan zen an, fò k nou sonje pyebwa grate saa sou kare a
Vakabon te konn pran plezi al kase tigrenn li nan kòlèt tifi
Sitou sa kèk t ap file, ki genlè te bayo bwalong kenbe avi
Bon, zen an, se ki sa l ye, pwòp jou sakre Vandredisen saa

Kozman 3

M sonje, kon jounen jodi a, yon chèf lame ki te fèk damou
Ki te foute l pa mal ke Jezikri mouri, pou l ouvri yon aparèy
K ap voye mizik cho monte bò plas la, pi koule bweson tou
M pa bezwen di nou, anndan legliz la, ki sa k rive nan zorèy
Chantè l te prefere a, se te Chal Aznavou. M nonmen non l
M pa detounen l, poutèt se te 2 pijon, ki te pi bèl chanson l

Kozman 4

Yon jou, pandan kèk ti vakabon t ap anmède Mèt Jewòm
Yo te konn ap rele “chichi“, sa vle di pou jan l te konn pale
Li te rive kenbe younn nan kòlèt chimiz li, men, sa k te rive
Tinonm lan deboutonnen chimiz lan, kite l bay Mèt Jewòm
E li diː“pye sa m manje m pa ba w“, fann desann Nan Kòtfè
Pou tibway saa, ki te deja pa t gen anpil chimiz, se te bèl malè

Kozman 5

Pou Senmenn-Sent, te gen yon zafè boule Jwif chak lanne
Se vye pantalon, vye chifon, vye chimiz, ki te konn itilize
Te gen yon zafè tou de frape poto eletrik pou leve Jezikri
Jou ki te Samdisen, apre yo te finn selebre, lavèy, lanmò li

Kozman 6

Pwonmès se dèt, m te di nou m ap tounen sou kèk kozman
Ayè, m te di nou, Jeremi gen 2 anba, men se jamè 2, san 3
Paske gen anba Lòj tou, kite kafou prizon, kannale desann
Pou pye, Jeremi gen 2 ː pye mònkaysè ak pye mònkanova.

N.B- Pou m pa bliye, sonje m sot di nou, jamè 2 san 3, te gen pye Mònlopital tou.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.