Now Reading:
KIREKK: 4 lane enfliyans, san bri san kont.
Full Article 5 minutes read

KIREKK: 4 lane enfliyans, san bri san kont.

Par Coutechève Lavoie AUPONT

 

Kisa nou ka tire nan reyisi, si siksè a pa ka pèmèt devlopman ak byennèt pou sila ki toujou ap bat dlo pou fè bè yo?

 

Li tris kantite mesaj ki rive jwenn nou chak maten sou telefòn nou. Yon bann mesaj mal ekri, tèt anba, ki ap defile san rete. Yon dividal mesaj motivasyon. Mesaj swadizan pou ogmante estim pèsonèl. Pou monte egoyis nou wotè tèt nou. Vann nou regadan pou reyisit.

 

Nou ka mande tèt nou, kisa nou ka tire nan reyisi si siksè a pa ka pèmèt devlopman ak byennèt pou sila ki toujou ap bat dlo pou fè bè yo? Epi tou, si se rayiman sèlman siksè a pote, jan rezo sosyal yo fè nou wè li a, pa pito nou kite reyisi pou kont nou an, awolon, pou anbrase reyisi avèk kominote a pito? Rantre nan viv ansanm nan. Itilize modènite a ak teknoloji yo yon lòt jan. Se pa dat nou ap di: NOU bezwen TÈT ANSANM. Epi yon reyisit ki pa kole avèk sa nou ye, avèk fòs kouraj nou, lè li pote fui, kisa nou ye ofon avèk siksè sa a?

 

Epoutan gen anpil rezistans. Gen anpil moun ki pa vle mache kole sere avèk radòt globalizasyon sa a. Si se sa li ye vre. Endividyalis ki ap repwodui tout karakteristik enpreryalis yo. Magouy sa a sanble tèt koupe ak misyon mesaj enfliyansè yo ap fè sikile sou entènèt la. Paske se la yo pran sous. Yo rantre nan politik manipilasyon an san yo pa konnen. Mizè ak foli reyisi san efò tout bon pete je yo. Yo lage de (2) bra balanse. Nan fè nwa, yo vle enfliyanse moun. San yo pa ka konprann sitiyasyon nou tonbe la a pa vin jwenn nou konsa konsa.

 

Nou te ap pale rezistans. Rezistans la ka yon zak. Yon efò. Yon lidè. Li ka yon gwoup moun ki derefize bese lebra. Oubyen refize pa pale. Sèmante yo pa p bay legen. Se ka tou yon gwoup moun ki di yo ap goumen jouk mayi mi pou solèy byennèt resi louvri je sou minorite yo toujou ap souse mwèl tèt yo a. Rèv pou peyi a pa fin etenn, se konplo Kolektif Inivèsitè pou Ranfòsman Edikasyon Kominotè ak Kiltirèl la. Nan twa (3) wikenn aktivite, nan koumansman mwa oktòb la, se te yon bèl egzanp rezistans.

 

 

Dèyè do Kirekk gen kache yon bann lide pou panse epi poze pwoblèm ki ap souke fondman peyi sa a. Yon kalte aktitivite ki reyalize nan tèt kole, ki deside mete valè ak kapasite ansanm pou bay manm nan kominote yo jarèt. Olye nou pran chimen depaman ak delivre mesaj chire pit. Lè nou raple nou lide kominote yo te toujou pi fò pase ego endividyalis ak movèz fwa enperyalis yo, nou di Ayibobo Kirrek! Lide sa yo ak sa ki vle pote bay jèn ki nan bezwen sou tout fòm epi tout kote nan peyi a jèmen 16 oktòk lane 2018. Depi jou sa, pyès manm Kolektif la pa gen bouda chita. Yo dekrete Ranfòsman edikasyon jèn fanm ak jèn gason, timoun tankou granmoun nan peyi a avèk aktivite entèlektyèl ak lakilti pou enfliyanse, ede kominote avanse se yon devwa ak yon pritorite sitwayen.

 

Pwoblèm Kowonaviris ak tout « peyi lòk » yo, vin tonbe nan kriz san manman ak latwoublay ki pa sispann ogmante, se yon lòt koze ki bay mesaj endividyalis yo fòs epi anpeche refleksyon sou tèt nou ak avni sosyete a tabli seryezman. Mwen anvi mande ant reyisi pou kont nou ak tèt ansanm, sa nou pi pito? Devan pil kriz dènye tan sa yo pote, mesye dam KIREKK yo chwazi tèt ansanm nan. Se avèk angajman sa yo deside mete sou pye flonn aktivite sa yo kanpe. Mesaj la klè: se nan brase lide pou nou non sèlman konprann men tou reponn ak pwoblèm politik, deriv sosyal, endividyèl ak kolektif kominote yo, epi peyi a tou.

 

16 Oktòb sa a la, twa (3)wikenn aktivite sot make kat (4) lane efò ak travay kolektif la. Sa ki bèl la, mesaj yo a pa p blese, ni simen zizani. Men se li nou pa tande pyès kote, ni pataje chak maten. Sa pa anpeche KIREKK gen 4 lane. Ni efase okazyon pou konferans sou « Vyolans ak Eleksyon ann Ayiti » te pran tout wikenn de (2) Oktòb la. Chita pale sou Jesyon estrès ak emosyon, Prensip imanitè, resital pwezi ak lekti senik te kontinye nan wikenn nèf (9) Oktòb la. Twazyèm wikenn nan ta pral fini sèz (16) Oktòb la avèk atelye ekriti jounalis ak Chita pale sou vyolans nan fanmi.

 

Li bon pou mwen di, seri manifestasyon entèlektyèl, kiltirèl ak kominotè sa yo te fini nan kè kontan ak satisfaksyon piblik la ak manm fondatè KIREKK yo, sa pa enpeche yo rekonèt gen anpil travay toujou. Mesye dam yo pa pè di yo poko satisfè nèt. Yo rekonèt travay la poko « yès ». Pou yo pran poz « Fòk fen ane 2022 a, yo rive kanpe « sant kiltirèl la ak tout bibliyotèk la » jan yo te ekri li nan lis pwojè kolektif la.

Gen anpil moun ki pa pwomèt. Yo travay, epi fini.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.