Now Reading:
« Kole bri », yon radyografi sou kalamite Ayisyen
Full Article 3 minutes read

« Kole bri », yon radyografi sou kalamite Ayisyen

Otè Roniro Jean-Baptiste
Editè, ekriven

Pwezi se yon zam Nou ka di k ap defann yon konviksyon , yon pèp, yon lang elatriye. Li se youn nan jan literè yo plis itilize nan literati. Deja literati se angajman selon Jean-Paul Sartre. Se sa ki rann Literati itil paske li la pou l denonse, kritike, korije pandan tou l ap kreye bèl mèvèy. Kole bri ki s on tèks powetik ki soti nan Edisyon Floraison. Yon zèvda k ap fòse kole bri, bri moun ki pran bal, bri chyen ki grangou, bri timoun leta ap sasinen rèv yo Powèt Wilkens scott Fifi Ekri Pou l ka fè radyografi kalamite n Nou menm Ayisyen k ap viv an Ayiti. L ap dekri kalamite sa yo depi nan premye vè powèm lan.

« Vizyon tounen kriz
Mizè balanse mizè
Toubiyon rasanble gaz
Pawòl chanje n direksyon
Viktwa rèv bourik je kale
Viktwa chen lamekzo
Rezon k tounen kafe
Dlo je k rense pitye zonbi
Kansè pyeje konplo lè pa wè

Souf lanmò plen vant nou
Lemond fache
Si w tonbe sou tèks la
Sa k ekri avan yo pa verite »

Nou remake powèt scott Fifi maton nan fòm lagaj pwezi sa a. Kote li ap pale an parabòl. Nan yon fòm langaj ki pa fin klè. Kote nou ka di mèt pwen an ranmase pwen l. Deja pwezi te toujou konsa. Se yon jan ki pa fin dekri reyalite a jan l ye a. Kòm pwezi se teknik ak ladrès pou lonnen sansasyon daprè majòjonn Sosyete Koukouy yo ki defini l konsa. Nou ka di Wilkens Fifi Ekri kole bri ak anpil teknik e ladrès. Pou l ka itilize fòm langaj sa a.

Kole bri s on prèv k ap rete pou lòt jenerasyon k ap vini yo konnen kalamite jenerasyon pa nou an ap monte pado a. Si Etzer Vilaire pa t Ekri dix hommes noirs nou pa t ap ka konnen kalamite jenn ki te nan jenerasyon 1910 yo

Kole bri pa pot non l pou bèl twal li pote tout bon tout kras kalamite n. « KOLE BRI »

Krim bouke fann tan Mirak mwen se ou
Aktè fim dyab
Misyon m pa sosyal
Tout sa m anvi
Se akouche kè m
Nan matris ou  »

Misyon zèvda sa a se fè radyografi kalamite n. Se montre ak detraktè malpalan ki toujou di yo pa wè ak sa pwezi itil. Kole bri pwouve yo pwezi itil nan denonse zak asasinay k ap fèt nan Sosyete Ayisyen an.

« Tout lanmò se lanmò
Men sa a pi grav
Move lè
An blag
An griyen dan
An jwèt ti moun piti
Almajor mouri
Move lè
Move zetwal file
Pwezi n pran kou
Bèt volay kase boujon pitimi n
Frè m ale
Tanpri prete m soukoup
Pou m vwayaje
Dikte souf powèt tan an
Twa priz tè
Yon kout plim
Kap imotalize rèv la
Frè m ale
Kou w met chanday
Deyò pè w »

Pou n fini n ap repran pawòl gran powèt Ayisyen an ki se Georges Castra ki di  » si m ouvè bouch mwen pou m chante se pou m ka chante pou peyi m » Wilkens scott Fi befi li menm tou ouvè bouch li pou peyi l nan kole bri ki s on dokiman istorik k ap ret pou lòt jenerasyon k ap vini.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.