Now Reading:
Kolektif Fanm Rejyon Palm (KOFAREP) te selebre Jounen entènasyonal kont vyolans k ap fèt sou fanm
Full Article 3 minutes read

Kolektif Fanm Rejyon Palm (KOFAREP) te selebre Jounen entènasyonal kont vyolans k ap fèt sou fanm

 

Johane SAMEDI

 

Jounen ki te 25 novanm lan, anpil gwoupman fanm nan kat kwen mond lan te make dat sa ki se « Jounen entènasyonal kont vyolans k ap fèt sou fanm ». Kolektif Fanm Rejyon Palm (KOFAREP) te make dat sila a ak yon gwo bout tonton mach ki te rive fè prèske tout tou vil Tigwav. Mach sa te rasanble plizyè santèn moun.

 

Dapre kòdonatris li Nancy D. Policier, pi gwo angajman òganizasyon sa travay pou amelyore kondisyon fanm nan rejyon an, konsa, nan koumansman mach sila a li te tanmen ak yon diskou ki pou raple tout fanm egal ak gason, pa gen fanm pase fanm, san li pat bliye site non yon bann fanm ki viktim ladan yo non « Evelyne Sincère ». Diskou a ta pra l fini pou l fè fanm yo konnen se ansanm yo ka mennen lit pou egalite sèks la epi pou byennèt tout fanm tou. Se te prèske nan tou kalfou ki te gen yon diskou diferan,san nou pap bliye devan pakè a ki te gen yon diskou apa ki te fè konnen fòk lajistis la fè travay li san l pa panche pou pèsonn.

 

Lari a te jòn abriko, chapo pay, anpil pannkat ki chaje ak tout kalte revandikasyonmete sou sa yon didje ki te la pou fè mesye dam yo yaya kò yo, sa ki ta montre VRE, se tout sosyete ki pa avanse ekonomikman ki nan tchouboum vyolans seksyèl sou tout fòm lan plis.

 

Kòdonatris la te pousuiv pou di « yon Mach nan okazyon sa a, se yon fason pou sansibilize tout sektè nan vil la, otorite yo sitou Fanm yo sou fenomèn vyolans lan. Pou reveye tout moun ki Nan silans pou yo pran responsablite yo ».

 

KOFAREP ki wè jou 16 oktòb 2016 la, se ansanm yon bann eleman,savle di l reyini yon bann lòt òganizasyon soti nan komin gresye pou bout jis Tigwav, òganizasyon sila reyalize yon bann bagay ki moutre vre l ap travay pou emansipasyon fanm,pou ede fanm yo jere vi yo ak fwaye yo, lanse yo nan sektè ti antrepriz la ak anpil lòt ankò tankou: Klinik, seyans fòmasyon sou « Gestion de proximité », asisitans. Pi gwo pwojè yo genyen nan makout yo, se monte yon sant asistans pou fanm ki sibi nenpòt kalte zak vyolans.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.