Now Reading:
“Krèy bòbèch” Jeudinema, yon pwezi pelerinaj
Full Article 3 minutes read

“Krèy bòbèch” Jeudinema, yon pwezi pelerinaj

 

 

Walner Olivier

 

Pwezi ‘‘Krèy bòbèy’’ wè jou anba men powèt Jeudinema nan lane 2017, nan Atelier Jeudi Soir. Yon travay powetik ki konstwi ak yon fasad pelerinaj, ki pa sèlman chita nan yon dimansyon relijye, men tou nan yon pratik sosyal . Powèt la kanpe tou drèt nan liv la kou yon kamwezoun nan vodou- yon chèchè. Otè a, ak plim li kòm bousòl, lemante, apante yon seri espas an Ayiti, ki sakre, pou sèten moun. L ap chèche limyè, chèche konprann, pou dyaloge ak lektè yo sou sa nou ye,sou rezilta sa n ap fè.

 

Kèk powèm nan ‘‘Krèy bòbèch’’ klere kou chandèl k ap klere pa lavi ki sou wout falèz. Gen pou moun powèm sa yo se yon mès pou ride bonnanj peyi a travèse nan move pa. Gen pou lòt moun, kout pye powèt la nan lakou, nan demanbre ak nan tanp vodou se yon travay pou chèche enèji kot kòd lonbrik yo plante. Nan men gramoun yo nan bitasyon yo ki ka rann yo solid.

 

« …///Ayibobo sole/ Ayibo sole/ Manbou Ilan Ilan/ Kiskeya grav/ Prete m boyo/ Prete m soupi///

///Vwa m pa gaya/ Wout la malouk/ Gen pikan ki pa bon pikan/ Prete m boyo/ Prete m soupi///

/// Defen an te di / Pye kalbas vi w/ Pa timoun/ Avadra ka flanke ajenou/ Konsa konsa///. ///Ayibobo sole/ Ayibo sole/ Manbou Ilan Ilan/ Kiskeya an san /Pa wè blese l///

/// file koulin ou/ Pawòl la antòtye/ Pawòl la nan mera/ Lari a malad Manbo sole/Lari a malad///» (p.19)

///Nan lonnvi Govi/ Ou ka wè tout ti detay k ap sekwe tèt/ Karese estera///(p.28)

 

Nans tras yon seri tèks ‘‘Krèy bòbèch’’,Jeudinema lese wè enpas difisil sa peyi a twouve l la pa yon bagay konsa konsa. Pou li, vant mòde sila se ta va tou rezilta move regleman, derespektan zòt. Rezilta pwojè lougawou nan kont pitit peyi a.

 

« ///Zèb an tchoutchout/ Nan demanbre a/ Pa bay lafimen chans leve/ Mò yo fache/ Manbo sole/// […]///Malgre mennay poul/ Achte san fè pri/ Antere vivan// Tè a tchipe manbo Ilan Ilan/ Padon pa itil/// Malgre lapriyè ginen/ Lakou a tris/Podjab/ Podjab balèn limen/Podjab tout kalte manje bouch manje.///»(p.20).

 

Pou powèt la, lese frape degrenngòch ant frè ak sè gen konsekans yo tou sou sosyete a. Lòtè zak sila yo ap resevwa lamàn yo lè yo touche lavi ki se bagay sakre, se sa konpayèl mo fè knoprann. Kòm pawòl la di, lanati pa padone. «///Mwen bòs gwo pye/ Ou menm machann kout poud/ plis lamen monte…/ kontra noua k paradi bwè lwil..///»(p.17)

 

 

 

 

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.