Now Reading:
Kreyòl gen nanm
Full Article 2 minutes read

Kreyòl gen nanm

Par Mérès Weche

Nan okazyon Mwa kreyòl la nan Monreyal, ki ap bout jou 28 oktòb 2019 la, ki se Jounen Entènasyonal Kreyol, dokimantè « Émilius Niger » a rantre nan pwogram aktivite yo, nan dat 18 oktòb, de 6 è 30 a 7 è 30 nan aswè.

Pòtre saa se yon lank ki reyalize a pati de yon ansyen foto poèt la, kote l te apiye sou balkon lakay li Jérémie, manman vil li. Potre saa ki fè pati de sa y ap rele an franse « manière noire », se younn nan tout ilistrasyon ki nan dokimantè a, kote Émile Roumer ap defann lang kreyòl la kòm yon lang ki gen kapasite pou l pote entèpretasyon nenpòt ki gwo pyès teat, tankou Antigone poèt grèk Sophocle te ekri, ak Otello ki se zèv Shakespeare an angle.

Nan dokimantè saa, Émile Roumer fè yon gwo rale sou « Revue indigène » 1925 lan, ak Jean Léopold Dominique, nan Radio Haïti Inter, yon maten 1972. Trantan apre lanmò kokenn chenn defansè kreyòl saa, mwen bay lamen ak KEPKAA pou m onore non li nan kad Mwa Kreyòl la.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.