Now Reading:
Kreyòl La Bèl : lansman premye edisyon Pri Pwezi Emile Célestin Mégie
Full Article 3 minutes read

Kreyòl La Bèl : lansman premye edisyon Pri Pwezi Emile Célestin Mégie

 

*Anba men Walner Olivier*

 

Platfòm jèn Kreyòl La Bèl (KLB) k ap travay pou voye lang ak kilti kreyòl monte nan peyi Dayiti, lanse premye edisyon Pri Pwezi Kreyòl Emile Celestin Mégie. Enskripsyon pou konkou a kòmanse 26 septanm pou bout 17 oktòb 2020 an. Konkou sa ki lanse nan kad selebrasyon mwa ak kilti kreyòl yo ki se mwa oktòb la, gen pou tèm : « Marigo, vil lanmou ». Pri sila ap onore memwa ekriven Emile Celestin Mégie ki te yon Marigosyen, yon gwo defansè lang kreyòl ayisyen ki travèse.

 

Kreyòl La Bèl kanpe djanm pou bay lang ak kilti kreyòl jarèt. Apre konkou nouvèl nan lang kreyòl ayisyen an, fwa sa se yon koukou Pwezi. Pri sa ankouraje adolesan ak jèn ki gen laj 13 pou rive 25 lane ekri pwezi nan lang manman yo ki se kreyòl. Premye edisyon sa ouvri sèlman pou pitit vil Celestin Mégie a.

« Se moun nan komin Marigo k ap gen pou patisipe nan premye edisyon an, se sa fondatris estrikti a ki se Sry-lanka Bendjy SANON, fè konnen. « Pou jan Émile Megie te pote Marigo sou kè l, Kreyòl La Bèl te jije li bon pou se nan kè Marigo sa kòmanse. Men pou lòt Edisyon yo, moun lòt kote ap ka patisipe, » se esplikasyon li avanse pou jistifye restriksyon sila.

 

Patisipan yo kapab enskri nan Otantik Bar ak Colsad ki nan Marigo, kote y ap depoze 5 egzanplè tèks yo a. Pou patisipe nan konkou a, genyen yon latriye règleman pou respekte. « 1) Tèks la dwe suiv tèm konkou a ki se “Marigo, vil lanmou”. 2) Li dwe gen yon chan leksikal ki ale ak tit li chwazi a epi tèm nan tou. 3) Li dwe respekte tout règ lang kreyòl yo nan pwezi a. 4) Pwezi a dwe pou piti 5 estwòf, epi pou pi plis 20 estwòf. 6) Pwezi a dwe gen amoni. 7) Li dwe gen figi estil. 8) Fòm lirik priyorize. Sa vle di kote se otè a ki ap pale “MWEN”. (Men sa pa vle di si otè a pa itilize premye pèsòn li pa bon.»

 

Jiri pou evalye tèks yo genyen 4 manb. Inema JEUDI, Edwebine ALEXANDRE, Georges DESIRE ak Fréro PIERRE.

KLB ap rekonpase 10 gànyan pou pri sila k ap genyen travay yo pibliye nan yon rekèy. Rezilta yo ap tonbe 31 oktòb 2020 an. Gànyan yo ap jwenn anpil prim ki rete kòm sipriz.

 

Konkou sa jwenn bourad Sibelle Haïti, Editions Pulùcia, ATOME, Le créole Presse Multimedia, BelideMag, Focus Media, Lig Prodmedia, Chrisfort Phtography, Creuset Continental, Editions Floraison, Colsad Otantik Bar ak plizyè lòt patnè.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.