Anba men Walner OLIVIER
Ayiti se peyi ki genyen plis lokitè kreyòl nan espas kreyolofoni an. Lang kreyòl ayisyen an rive gen estati lang ofisyèl nan lane 1987. Se manman lwa peyi a nan atik 5 li ki mete l kanpe drèt kòtakòt ak lang franse a. Toujou nan menm atik la, konstitisyon an di se lang ki simante tout Ayisyen.
Anpil sektè ap batay pou fè lang kreyòl yo jwenn plas grandèt mayè yo nan sosyete yo. Kit se Ayiti, kit se depatman fransè nan Karayib la, kit sa yo ki nan Oseyan endyen.
Ann Ayiti, yon manifestasyon kiltirèl mete sou pye pou ankouraje ekriven pwodui nan lang kreyòl yo e valorize travay ki pwodui nan lang sila yo. Se Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ki lanse depi lane 2019. Pou lane 2020 an, aktivite dezyèm edisyon festival la ap dewoule soti 2 pou bout 6 desanm k ap vini an. L ap dewoule anba tèm: Pouki n ap fè literati?
Festival sila se yon inisyativ emisyon « Pawòl Kreyòl » powèt Anivince Jean-Baptiste anime sou radyo Siyal FM(Signal FM nan lakou Pòtoprens) sou ‘pwopozisyon istoryen Michel Soukar.
« Kreyòl la se zafè tout pèp karayib yo. Se yon zouti kominikasyon ki se yon rèzèvwa ki konsève kilti imateryèl yon pèp, epi li transmèt li soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt » , se deklarasyon Dolorès Jeudy ki fè yon etid nan syans langaj nan Fakilte Lengwistik Aplike/ Inivèsite Leta Ayiti(FLA/ILA).
Lè yon moun eksprime l nan lang li trape lè l ap grandi, sa nou rele lang manman nou an, se yon aksyon pou afiche idantite l kòm moun. Lang sa pèmèt yon sijè palan idantye tèt li, e pèmèt lòt moun ki anfans li yo idantifye l, pou n ta reprann pawòl Bernard Lamizet, yon doktè nan lengwistik.
Yo toujou konsidere lang yon moun tankou yon patri entim. Se li ki pèmèt li eksprime panse l, di sa l santi, elatriye. Nou kapab di tou, se li ki pote kilti tout yon pèp.
» Pa genyen okenn moun ki kapab egziste an deyò lang li. Pale yon lang genyen yon dimansyon isorik, sosyal ak Kiltirèl » , se sa Stevens Max Désir souliye, li menm ki genyen yon fòmasyon nan syans langay nan FLA/ILA.
Pale lang kreyòl, se montre kiyès nou ye. « Yo te meprize lang sa yo menm jan yo te fè l pou moun ki te pale l yo » , se sa mesye Désir ki ap fè yon mastè nan syans langaj nan ILA fè sonje.
« Genyen yon moman ki rive, nou dwe parèt tèt nou an granmoun, pou di lòt moun ki annfas nou yo ki moun nou ye tou. Pou fè batay sa, mwen kwè nou dwe pwofite tèren lang sa ofri nou », se siggesyon Marx S. Désir.
Pou Chavannes Saincelaire ki ap etidye sikoloji nan Fakilte Etnoloji nan Inivèsite Leta Ayiti, lang kreyòl la se yon patrimwàn san parèy nan kiliti pèp ayisyen an. » Se lang ki pèmèt Ayisyen manifeste egzistans li nan mond lan. Li se senbòl endepans nou. Senbòl fyète nou » , se deklarasyon fiti sikològ la.
Afiche nou nan lang kreyòl la, se ap yon mannyè pou dekonstwi epi kwape tout prejije ak move reprezantasyon yo pote sou lang lan, se sa Chavannes Saincelaire kwè.
Travay sa yo ap ede mete plat atè miraj alyenasyon ki anpeche n vanse. Sa ki ap gen yon gwo enpak [pozitif] sou pèsepsyon moun sou sa ki gen rapò ak lakilti, se sa l prevwa nan lojik li kòm yon moun k ap fè syans.