Now Reading:
Lansman ofisyèl dezyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl
Full Article 3 minutes read

Lansman ofisyèl dezyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

 

Anba kout plim Valéry Gérôme

 

Se nan Lokal « Cinémathèque » ki chita kò li Tijo, responsab festival entènasyonal Literati Kreyòl (FELK) yo te lanse ofisyèlman dezyèm edisyon festival sila a, jounen mèkredi 2 desanm 2020 an. Anpil Kad nan sektè Kiltirèl la, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, elèv lekòl ak plizyè medya te fè deplasman pou vin soutni Festival Sila a ki ap dewoule sou tèm:  » Pouki n ap fè literati ».

 

 

Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se yon pwojè Jean Baptiste Annivince tanmenm nan lane 2019. Festival la te pote fwi, e se youn nan rezon ki fè òganizatè yo ap pati pou yon dezyèm edisyon. Daprè sa Illeus Papillon, responsab kominikasyon festival la rapòte, « Festival la pran nesans apati de Yon konsta nou fè; Ayiti se pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan, sa vle di se peyi ki bay plis moun ki pale kreyòl ». Li rapousuiv pou l di « Ayiti gen tout dwa l jodi a pou li pran inisyativ òganize festival entènasyonal Literati Kreyòl lakay li ». Festival la se yon galeri, yon fenèt pou ekspoze tout zèv literati kreyòl yo; kèlkeswa kote kreyatè a ye, nou ba li posibilite pou vin prezante ak pale de zèv li nan Festival la.

 

Pou 2zyèm edisyon an, Festival la bay plis ouvèti daprè sa òganizatè yo ta fè konprann. Ap gen yon espas anndan festival la pou timoun yo kapab vin pale ak prezante zèv yo, ke òganizatè yo batize « FEL timoun ». Anplis, « Powèm nan pran lari » se dezyèm eleman ki ajoute anndan Festival la. Se yon espas kote powèt, komedyen ak eslamè pral sòti nan lari , monte kamyonèt, bis ak taksi pou pataje moso powèm ak piblik la. « Literati a pa dwe rete nan salon, fòk li desann al jwenn pèp la », se konsa Illeus Papillon te konkli.

 

Yon lòt kote, Rodolphe Mathurin envite espesyal dezyèm edisyon Felk la pa t kache enpresyon li sou Festival Sila. Li te pale konsa:  » Nan 20 Ak 40 lane li pase deja yo, lè yon moun di festival nan peyi Dayiti se mizik yo te wè, men jounen Jodi a nou jwenn festival Literati Kreyòl. Sa ki montre peyi a fè yon pa ». Pou Jean Euphèle Milcé, yon lòt envite espesyal, festival la se yon pretèks pou kapab reyini tout peyi kreyolofòn nan Karayib la; li kontinye pou l di: « Festival la se yon atou pou kreyòl la kapab blayi kò l nan mond lan ».

 

Nan Kad lansman dezyèm edisyon sila, Yon pakèt atis tankou : Herby François, Dédé Dorcely ak dizè Getro te satouyèt piblik la ak Yon ekip bèl powèm ak mizik ki fèt nan lang kreyòl.

 

N ap raple nou patnè ofisyèl Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ane a se C3 Éditions ak Fondation Maurice Sixto; envite donè a se ekriven Matinikè, Raphaël Confiant. Dezyèm edisyon an ap fèt nan dat 2 pou rive 6 desanm 2020.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.