Now Reading:
Mach Minwi, yon rekèy powèm ki marande pwezi ak listwa
Full Article 4 minutes read

Mach Minwi, yon rekèy powèm ki marande pwezi ak listwa

Anba men Dayana Duvil

 

« Mach Minwi » se tit dènye rekèy powèm Charlito « JAL » Louissaint ki pibliye nan edisyon « La Rosée » . Premye vant siyati a ap fèt jedi 27 avril 2023, nan lokal Alyans fransèz Gonayiv. Sibelle Haiti ap envite nou dekouvri prefas rekèy la.

 

Onè Zanmi m’,
Koute! Gen moun ki gen don vwayaje san yo pa janm deplase. Wi! Ou byen li…
Gen moun ki pa bezwen monte machin, pran avyon, pati byen lwen pou yo vwayaje.

Yo vwayaje lè yo vle, sanzatann e yo fè ti kout pye pou yo vin rakonte nou sa yo te viv, sa yo te tande, sa yo te konprann.

Mach minwi, se vwayaj yon vwayajè konsa. Yon Otè- Vwayajè !

Yon vwayaj ki gen yon lè li kòmanse, men pa mande m kilè li bout ! Mwen jis konnen vwayajè a kòmanse mache chak minwi.

Pa mande m nonplis si se yon pwen mache lanwit li genyen ! Sèl sa m ka di nou, depi li minwi sou tout fas latè, nan tout fizo orè, vwayajè a selebre bèlte minwi.

 

Li bay ochan pou premye lè a, lè ki chita ankalifouchon ant limyè ak fè nwè, se lè libète pou li, se lè pa li, lè pou plim li vomi. Depi li minwi, dwèt li swaf, li anvi pale, li pale san pran souf.

 

Mach minwi se yon wayaj nan letan, nan espas. Otè a fè yon rale mennen vini depi sou Zanj Gabriyèl, li pa gade anndan vant ride Sara,li tchweje sou Pons Pilat ak Mozart, pou li al swete larezone nan Petit Bois, nan Gonaïves, nan Nerette, nan Mamlad, nan Sodo….

 

Nan vwayaj sila, w ap fè konesans ak anpil moun. Genyen ou ka konnen deja, gen lòt tou ou ka pa janm kwaze nan vi ou men wa va di yo te pale w de yo : Adekla, Aspyl, Depès, Jout, Defile, Chesnel, babebkyou, Erol Josue… W’ap menm kwaze ak ApreDye.

 

Anpil non site zanmi m ! Ti non, gwo non ! Wa sonje ! Paske fòk ou ka sonje pou ou li Mach minwi ! Fòk ou bon nan devinèt oswa w ap bwè pwa.

 

Vwayaj sila ap apran ou jwe titato.

W ap aprann jwe marèl nan sèvèl pou ou rive jwenn plas pa w. Anpil imaj, anpil metafò nan pwezi minwi sa a. Se pwen fò zèv sila : otè a melanje anpil evennman, anpil aksyon ki pase, li ba yo koulè ak 2 ,3 mo.

Anverite, li konn mache, li mache jan li vle, li rive chita menm nan mitan Lespri yo pou li vini rakonte n tout koze.
Koze nèg ak fanm peyi dayiti, koze sou pouvwa, sou mizik, sou lanmò ak lavi, koze sou Gonayiv, koze ki mande kalkile, koze sou lanmou, sou lespwa. Li rakonte nou sal ye, sak make li, sak travèsel, li di nan kisa li kwè, li lonje dwèt tou sou sal pa renmen.

 

Nan vwayaj sila, zanmi m w ap tou fè listwa. Pa vin mande m sa pwezi pèdi nan listwa ! Pa di m paka gen plezi ak pwezi nan fè listwa !

 

M ap jis di ou se kout enspirasyon minwi nan zepolèt Jal, ki akouche zèv sa a.
Se yon bèl kout plim ki rive fè pwezi makonnen ak listwa, k ap temwaye pou fwete ogèy sosyete nou an, pou ede wè kèk moun on lòt jan, ki fè tou peyi a nan 24è.

 

Fè vwayaj la zanmi m , m pa kwè w ap pèdi nan wout, sanpeche ou ta mande otè-vwayajè a pou li rive pi lwen avè w toujou !

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.