Now Reading:
Note de presse du Ministre délégué auprès du Premier ministre chargé de la citoyenneté et du patriotisme
Full Article 2 minutes read

Note de presse du Ministre délégué auprès du Premier ministre chargé de la citoyenneté et du patriotisme

 

Pòtoprens, 22 janvye 2021

Biwo Minis delege k ap jere dosye Sitwayènte ak Patriyotism lan bò kote Premye Minis lan salye tout pitit peyi an, kit sa k ap viv an Ayiti, kit sa k ap viv lòtbò dlo.

Biwo Minis delege an konstate yon remonte nan zafè ensekirite anndan peyi an. Biwo an vle pran angajman l yon lòt fwa ankò pou kondane zak ilegal, banditis ak inimen sa yo, ke yon bann ènmi lalwa ak limyè ap fè nan peyi an. Twòp frè ak sè nou viktim de malfektè tout koulè sa yo, sitou nan vyole tifi ak fanm, san n pa bliye zak sasinay ak kidnapìn yo.

Nan sans sa a, Biwo Minis delege an kondane zak sa yo epi li vle asire popilasyon an, nan non administrasyon MOÏSE-JOUTHE lan, sou anpil jefò ki kontinye ap deplwaye pou kwape tout zak malonèt sa yo. L ap pwofite mande epi ankouraje Polis Nasyonal la ak Lajistis pou chache, arete, jije epi kondane tout moun ki lage kò yo nan fè zak malonèt sa yo, ki gen pou objektif rann pi pòv popilasyon an epi anrichi yon ti gwoup malfektè.

Pou leta a rive fè lapè ak sekirite blayi nan tout peyi an, li enpòtan tou pou popilasyon an kontinye pote kole nan bay lapolis bon jan enfòmasyon, denonse bay lajistis tout moun ki nan sa ki pa dwat epi kontinye fè solidarite ak tout frè ak sè nou ki an difikilte, paske li lè li tan pou laperèz lan chanje kan.

Sekirite ak lapè se rezilta enplikasyon tout sitwayen responsab. Se pou sa a, n ap ankouraje tout moun pou yo pataje enfòmasyon ki chita sou verite epi ki pa gen fòs kote. Lè nou aji konsa, n ap montre responsabilite n kòm sitwayen.

Pou fini, Biwo Minis delege an ap renouvle angajman l bò kote popilasyon an, pandan l ap rasire l ke administrasyon MOÏSE-JOUTHE lan ap kontinye travay san kanpe pou rann disponib tout sèvis de baz yo e 2021 se Yon Ane : refòm Konstitisyonèl, òganizasyon eleksyon jeneral ak refòm enèji elektrik.

Insertion demandée.

 

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.