Now Reading:
« Pwason Lari » , yon powèm lespwa tout boulin 
Full Article 2 minutes read

« Pwason Lari » , yon powèm lespwa tout boulin 

Lord Edwin BYRON

 

Sou yon koutje

W ap wè m s on powèt tòg

K ap fè lari

 

Sou yon dezyèm

Si w pèsiste

W ap wè m s on powèt an chit lib

Mal ateri nan yon kratè san

 

Kav-Alye Pierre se yon powèt grenn pwomennen. Yon nonm libelibè ki dekrete la pèmanans nan chache kote lespwa ak lavi fè kwen. « Pwason lari » se premye rekèy powèm li ki parèt nan edisyon « Gouttes-Lettres » nan lane 2020.

 

Nan zèv sa, powèt la pa kache foli l, ni li pa mande pèmisyon pou defann rezon kifè l renmen lavi epi simaye lanmou nan chak riyèl nan granchimen. Kav-Alye rive jwenn gwo konplisite ak chak grenn mo pou kreye yon amoni ant tout sa ki ka marande ak yon lòsye lespwa. 

 

Eske w konn chak kilè

Sezon yo defile tou gwòg

Sou ekay pwason basenble

Chak kilè militon politik

Fè pèp laloz

M mache simen konprès sou tèt

Chak moso tè w pile 

 

« Pwason lari » se yon tablo, jan Coutechève Lavoie Aupont lese konprann li nan prefas la.  Anpil koulè met men pou rale mennen vini sou tout kalte koze, bri lari a, koze machann kap taye bandan anba solèy, lavi tòg kap dekwat… Yon powèm ki jwenn tout sans li nan revandike lavi ak lanmou, nan kase mete nan men tout sa ki bouche limye lespwa

 

« Sa k ta di yon jou lonbray karavàn

Ta gen òkèt 

M pa konn ki ti malfektè zòn

Ki pini chen jape

Pyès kretyenvivan pa ka di

Kote lanm sòti jis li echwe

Sou plim sab chèchko

 

Sèl sa m konnen

Gen pitit deyò 

Ki koupe eritaj koutje

Malgre sezon sechrès

Gen chany

Ki konn mare fache ak plakbòl

 

Pwason lari se yon powèm ki pote koze tout koulè, tout sant pou tout kalte moun. Yon refren ki charye lavi ak mounite. Kav-Alye se yon powèt kap keyi lespwa. 

 

Pwason lari – Kav-Alye Pierre –  koleksyon Pwezi 4-5-6 – Edisyon Gouttes-Lettres – 2020

 

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.