Now Reading:
RAP « Ou sou may » se pwochèn mizik atis NAALOVE
Full Article 2 minutes read

RAP « Ou sou may » se pwochèn mizik atis NAALOVE

Lord Edwin BYRON

Nan yon entèvyou tou kout nou te gen ak rapèz la, li te pataje ak nou, rezon ki pouse l abòde yon sijè konsa.

« M suiv kèk fwaye de prè, kote gason an ap brize kè madanm li pou yon lòt ki pa menm bezwen l ». Kidonk, atis la, ki se moun Kavayon, pa rete bwa kwaze antan ke temwen yon sitiyasyon konsa. Li estime yon fwaye oubyen yon fanmi se yon enstitisyon ki enpotan, e mesye yo ta dwe gen plis matirite nan jan y a kontribiye nan jesyon rapò yo dwe genyen ak konjwen yo.

Yon pati nan pawòl mizik la

« M tande lanmou aveg men pa m nan wè klè
Menm le w ta fè fas avè m bouch ap ret bèbè
Malgre santiman yo la men je cache tout cela eee
Panse m pa konn sak renmen pou ou m s on bègwè
Anfas mwen w metew bebe dèyè m w ap fè gè
Lorsque tu es près de moi mais tu caches tout cela eee »

Mizik « Ou sou may » ki ap sòti trè pwochènman sou yon EP ak de lòt, pote siyati Max Beat ki pwodwi enstrimantal la ak Emanno ki jwe Saksofòn lan.

Atis NAALOVE ki chante «Lekòl lavi a » ki parèt nan lane 2009 ak « Jistis Pa m », swete fè plezi melomàn ayisyen yo, ki pa janm sispann motive l pou l pa moli nan travay sa l ap fè a.

Input your search keywords and press Enter.