Now Reading:
« Sèt priyè lari », yon kout lanbi revòlt Iléus Papillon pouse
Full Article 5 minutes read

« Sèt priyè lari », yon kout lanbi revòlt Iléus Papillon pouse

Par Douglas Zamor

Frazeyoloji Iléus Papillon an chita sou yon ansanm senp epi konplèks an menm tan. Ekzistans msye menm se fri kache yon dedoubleman ki bay sinyal yon powetik dezanchènman, yon powetik k ap pile beton letènite ki kache epi k ap chache yon langaj popilè loulouz.

Yon travay sou labote ki jwenn yon anchènman nan listwa e k ap gade pase a, reyèl imedya a ak devnite a. Si nou te ka di li konsa, nan reyalite Vodou ayisyen an, nou pral bay douk la men nou p ap gentan ka bay douk an douk la. Ti espas la twò piti.

Sa vle di, n ap gade nan « Sèt Priyè Lari » kijan mo li yo makònen ak materyalite a nan yon lojik ale vini epi enfliyans powèt la sou lòt powèt.

« Sèt Priyè Lari » se yon rekèy pwezi Iléus Papillon ekri, li piblye l nan ane 2015. Men se sou dezyèm edisyon an nou pral chita. Dezyèm edisyon tèks la parèt Pòtoprens nan ane 2016 nan H@CONET.

Anvan nou antre ladan, n ap di yon lòt fwa, frazeyoloji IP a se yon frazeyoloji transparan e non senplis ki chaje limyè ladan. Limyè sou konstriksyon fòm nan (vèlibris ak lòt trajektwa modèn nan konstriksyon powèm nan), sou fon an (mesaj djanm ak yon ansanm vèpwezi piman bouk an majorite) li sizle avèk anpil gangans.

Nou dwe konnen, lavi n ap viv chak jou a pa yon fim ni yon fab. Se moso esperyans yonn lòt k ap pèmèt nou konstui li. Imajinasyon kapab mennen nou lwen. Si n ap viv nan yon peyi dlo ap bwote ti kal pa ti kal, se nòmal yon jou nou p ap wè solèy ankò.

IP lage moso esperyans pa li nan men nou. Imajinasyon li ap ponpe koze ban nou, tout sa li refoule nan fon nanm li./ Konviksyon yon klas mare nan pye poul/ tach mizè n kwoke nan cheve Nasyonzini/ lonbray nou derefize suiv nou/ nan jounal nou separe grangou n an patipri/.

Apre sa, powèt la ap raple li eksplwa ki te boujonnen nan sous rezistans nou. Eksplwa ki lave krim epi ki chanje fas monn nan ./ m aprann bote w depase fwontyè/

Yonn nan bagay ki pi enpòtan nou dwe konnen sou IP, li se yonn nan powèt pou m pa di se powèt ki itilize plis mo « vil » nan powèm li. Dayè nan Sèt Priyè Lari, powèt la itilize 121 mo vil san konte lòt vil li site non yo pou kò yo tankou Vèrèt, Monreyal…

Si nou vle nou te ka konstui yon gwo powèm danmba ak tout 121 fraz powetik ki gen Vil nan kè, nan pye oubyen nan tèt yo a. Sa p ap retire yon yota nan ritmik pwezi a. Men n ap fè yon ti powèm kout annatandan ak kèk pou nou ka wè kijan Vil yo ye lakay powèt la. Koute:

Vil la kwa letranje fenk plante
Vil la chita mal depi twa jou
Tout Vil se nyaj
Vil la kase lezo san l pa pouse pitit
Nou boule nan soufrans Vil Pòdepè
M chire Vil la tou sispèk

Dènye ane sa yo bay anpil jèn powèt k ap ekri nan lang ayisyen an. Men si w suiv jan yo kontui vèpwezi pa yo, w ap wè enfliyans Iléus Papillon byen prezan lakay yo. Nonsèlman yo temwanye sa men konsta nou ba nou sa tou. Nou p ap site Non nan travay sa e nou p ap al chèche tou kiyès powèt ki enfliyanse IP tou li menm. Natirèlman nou konnen majorite powèt pou m pa di tout gen kote sonm nan powezi yo. Sa vle di yon bagay ki pa mache. E menm kote sonm sa li relatif, varye selon peryòd la.

Antouka 7 priyè lari ap enterese tout lespri k ap chache zo nan kalalou. 7 se chif pèfeksyon. Èske powèt la enterese ak matematik? Èske li enterese ak metafizik?Poukisa 7 priyè lari? Èske priyè nesesè oubyen li pa nesesè? Nan fen powèm « Petrocaribe filalang » lan ki nan rekèy la powèt la di:/ n a konprann lapriyè s on vye fraz panche/.

Lè fini, chak fraz powetik ki gen vil ladan fè plakataw nan je nou kòm lektè. Si nou adisyone 1+2+1 nan nonm 121 an, l ap ban nou 4. 4 la reprezante 4 kwen kadino. Lè n ap fè maji, kat kwen yo enpòtan. Poukisa 121 vil nan powèm nan? Sa fè nou panse ak 21 Nanchon yo si nou t a pran 2 premye chif yo nou vire yo epi 2 dènye deja bay 21.

Poukisa ankò powèm ki kòmanse rekèy la gen vil ladan epi sa ki fini li a gen vil ladan tou ?

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.