Now Reading:
Ti tak sou Georges Castera Fils
Full Article 4 minutes read

Ti tak sou Georges Castera Fils

Par Douglas Zamor

Lè m di ti tak, moun pa bezwen panse se sou yon teren foutbòl mwen ye, kote mwen deside bay Georges yon tak, jis mwen rive fese do l atè. Men se pito ti kras bagay, yon ti lòsyè nou dwe sonje sou powèt la.

Pou Josaphat Robert Large, mwen site non l, mwen pa detounen l, nan prefas li ekri pou « Istwa pwezi kreyòl Ayiti », yon liv Michel-Ange Hyppolite Kaptenn Koukouwouj, ane 1974 la, se yon ane limyè nan jaden pwezi kreyòl peyi a. Poukisa? Se paske se nan ane sa menm Georges Castera pibliye « Konbèlann ». Li di liv sa sonnen premye kout klèwon modènizasyon pwezi kreyòl la.

Nan liv sa, Georges Castera fè yon gwo revelasyon. Li di nou si nou vle lang kreyòl Ayiti a rive nan dimansyon ki enpòtan pou li a, nou pa dwe kite  Pè yo ak Pastè yo devan bann nan. Gen yon seri mo, diskou moun sa yo ap bay sou yo ka anpeche nou jwenn bon sans lavi yo, sa ki kache nan Istwa nou tou. Gen yon seri mo moun sa pral di se mo dyabolik jis yo rive fè nou pa itilize yo, jis y a rive fè nou pèdi yon pati nan sa nou genyen kòm richès. Danmbala Wèdo, Ogou Feray, Tipyè Walo, Grann Brijit, Ezili Mapyanng, Lenglesou Basen san etc, tout mo sa yo, anpil Pè ak Pastè pa t a renmen tande yo e pa t a vle moun itilize yo paske yo pral di moun mo sa yo se mo dyab.

Se yon fason Georges avèti nou pou nou pa aksepte fòm kanpay rejete k ap fèt sou plan senbolik nan peyi a. Menmlè Legliz gen kontribisyon pa li pou avansman lang lan. Men kesyon sa yo vreman enpòtan pou nou. Nou pa dwe bay Pè yo ak Pastè yo drapo bann nan paske yo ka mennen nou kote yo vle piske yo gen misyon krisyanize tout moun nan peyi a.

Lòt bagay nou dwe sonje. Georges Castera te yon gwo polemis nan kritik li t ap fè e sou literati ak lòt chan enterè li yo.

Premye fwa mwen te an kontak dirèk avèk powèt la se te nan òganizasyon premye festival literati mwen menm avèk Jean-Baptiste Anivince te kouwòdone nan Nòdwès avèk SONAL (Société Nordouesienne des Arts et des Lettres). Georges Castra te envite Donè. Lè sa a, premye kritik Georges te ban mwen se nan Pòdepè kote festival la t ap fèt la menm. Nan moman an li te vin mande m ki lè n ap mennen li nan espas kote aktivite a ap dewoule a. Mwen di l nou poko « prè » non. Li reponn rapid sou yon ton rizibyè pandan li bliye si l te poze m yon kesyon. Yo pa di « prè » nan lang lan tande, se « pare » pou w di. Bon, mwen te kenbe sa. Men jiska prezan gen anpil moun k ap batay pou lang lan ki toujou ap di « prè » nan plas « pare ».

Tout sa a toujou, se pou powèt la di nou li gen yon objektik li fikse je li sou li. Si li te la li t a di: m pa vle « dlo antre nan Non m ».

______________

PS: SiBelle Haïti veut produire un travail de qualité dans le secteur, et pour cela, souhaite vivement financer son programme pour qu’il puisse durer. Si vous êtes intéressés à contribuer ou à aider, envoyez un mail à sibellehaiti@gmail.comnotre équipe s’entretiendra avec vous pour savoir comment vous pouvez le faire.

N’hésitez pas à aimer nos pages Facebook, Twitter et Instagram, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.