Par Douglas Zamor
« Vavari » se yon powèm danmbala ki etann li sou 59 paj Samuel Clermont alyas Dyaman Nwa pibliye nan Edisyon Florezon ki antre tou nan kad yon demach ayisyen tipik.
Tout demach analitik e kritik sou tèks ayisyen ki antre nan rebelyon ak lòt demach ki pa voumpoup menm oubyen ki pa pete bay santi reyalite ki nan kosmogoni nou an, se yon demach nou dwe konsidere. Si nou pa fè sa, n ap tonbe nan sa n t a ka rele mastibasyon entelektyèl la. Kreyòl pale kreyò konprann.
« Vavari » se yon ekzanp vivan ki t a mande nou jete pòtre dye blan ki swaf dlo nan je nou pou nou ka anbrasa pwòp egregò nou. Samuel fè entèpelasyon fòs ki nan Vodou ayisyen an pou l ka mande dekiprevyen.
« … nenpòt lè w wè jou a pa fin jou nèt
ret sou nenpòt tèt mòn
pale ak lanmè nan fil kasèt
fè te kazak
kole rèv ak kafondi
mare yon grenn sitwon
yon fil nwè twa ne nan senti lakou a… »
Ansy Derose, yonn nan gran chantè, vokalis Ayiti pa dwe janm bliye ekri yon mizik ki rele « FDA ». Ladan, li denonse peche SIDA blan meriken te vle lage sou do pèp ayisyen. Li di: « /peche SIDA nou p ap pote l O/ fado SIDA nou p ap pote anye/ FDA w anraje/ kwa kwa kwa gweliye/ lèsen danse nan tèt mwen ».
Se menm fòs ak jèvrin sa a Samuel Clermont pote nan powèm « Vavari » a. Djab li monte li. Ogou feray ap tanpete. Powèm nan andyable. Tout kò li se pikan wouj. Frenn dan li soti w a di se solèy vèt. Soufrans lan parèt avivwa. Koute: /vant ou se dezè/mwen renmen lè m anwe nèt/nan rele viv pwèl ou/po w gen gou lapli/yon sant maleng flè choublak/bèl plim sousaflè/lanmò kase bajou sou po vant ou/tout rèv kanni kaye nan tan an/.
Powèm nan senp, men li bè anpil. Tout kò li se flè, se lò. Ou t a di tou s on powèm gede k ap rannafle piske sa k ap degaje anndan li degaje yon vapè gede. Lavi lanmò, pase pran m m a pase chèche w. Powèm nan se yon lèt tou louvri pou tout simidò je pete klere. Didaskali ki mennen nou dekouvri demagoji.
Menmjan lanmè a, rivyè yo gen yon jan yo fè mouvman devan je nou. Yo pote son, yo pote imaj, se konsa « Vavari » plen son ak imaj k ap soti nan kòtòf lestomak li. Yon plezi pataje. Yon karamèl anba lang.
Depi w ap kreye bote, ou se bouskadò lavi. Fatra nou wè ki lèd la epi k ap nui sante nou an, nou ka sèvi avè l pou nou pwodui elektrisite ki pral ede nou viv pi byen palasuit. Vye labou sal nou pè manyen an, se ladan pye legim yo rele koupye a, pye kreson pouse. Djondjon ki bay manje nou gou ak koulè a, se nan kaka bèf li donnen. Yon powèt se yon kreyatè. Li kreye epi rekreye lòt mond pou labote kapab toujou vivan. Kidonk, yon powèt se yon bouskadò lavi.
Powèt Samuel Clermont epate nou nan fason li pran memwa kolektif la, memwa malfektè anvi kraze a pou li mete nan tèks powetik li, yon fason ankò pou li rann lavi vin pi laj.
Gen lòt vibrasyon powèt la pote toujou ki tèlman dous anmentan ki montre li pa vle kite dlo bouch li benyen li, ou t a di se Desalin Grann Aloumandja ap konseye pou l pa soti lè yo di li t ap al mouri Pon Wouj la epi k ap fè rebelyon. Koute:
« … m ap ekri powèm sa
ak pil kolangyout mwen
lang tout mo deyò
gòj tout fraz sèk
chak paragraf gon w pye kase…”
Li Samuel Clermont, se li lavi li ak lavi moun ki alantou li.
______________
N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :
https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/
https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08
https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn