Now Reading:
Kloti Festival entènasyonal literati kreyòl la :  yon fèt !
Full Article 3 minutes read

Kloti Festival entènasyonal literati kreyòl la :  yon fèt !

Otè Valéry Gérome

Festival entènasyonal literati kreyòl la ki te lanse nan dat 4 desanm2019 la, ak envite donè Manno Ejèn enpi peyi envite  Matinik, Kiba ak Brezil, klotire jou ki te dimanch 8 desanm 2019 la nan lokal “Café TapTap”. Anpil gwo aktè nan sektè kiltirèl la te prezan pou bay sipò yo jan yo te kapab nan kloti festival la; nou ka site kèk non tankou: Inema Jeudi, Wooly Saint Louis Jean, Herby Francois, Rodolph Mathurin…. Pou anime sware a se te Melissa Béralus ak Illéus Papillon ki te chèf lapawoli.

Matinikè Yves Marie Seraline

Yves Marie Seraline, yon  Matiniken ki te envite nan festival la pa t kache kontantman li nan mikwo Sibelle Haïti. Li te fè yon ti pale pou l di : «  depi nou wè festival literati nou wè yon fanmi ki reyini kote nou kapab boukante lapawòl paske kreyòl la se yon fòs anndan chak peyi nan karayib la ». Li kontinye pou l di konsa : «  mwen te jwenn anpil difikilte pou m vini Ayiti ; Lafrans te mete barikad pou m pa te vini men jodi a m la, malgre pwoblèm ensekirite yo di m ki blayi sou peyi a ». Yves Seraline  fè tout piblik la konnen li kontan ak satisfè pou l patisipe nan kokenn chenn aktivite sa a epi li swete komite òganizatè a kenbe flanbo festival la byen wo paske gen travay ki pou fèt toujou.

Neno yon lòt envite ankò ki se reprezantan Brezil, te pwofite de okazyon an pou l pale de  pwen komen ki genyen nan batay Ayiti ap mennen ki pa diferan de pèp brezilyen an k ap goumen kèk lane nan chèche idantite yo. « Se menm rit Vodou a, se menm batay pou pouse kilti a, e se yon gwo pa nan sans espirityèl rit la ak lit la » daprès sa Neno fè konprann.

Nan kad kloti festival sila yon pakèt moun enpòtan te pran lapawòl.

Anvan yo te fe plas ak powèt yo ki t al bouyi pwezi sou sèn nan anba gita Wooly ak Tanbou Atyasou. Envite donè a leve kanpe pou li danse, sa ki te fè lakontantman anvayi tout moun ki te prezan. Jean Baptiste ki se prezidan mouvman an te pran lapawòl pou l te remèsye tout medya ak atis, plis piblik kite fè deplasman an, e ki te patisipe nan aktivite festival la pandan 4 jou yo.

Randevou a kase lane pwochèn pou dezyèm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl la. ______________

N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.