Now Reading:
Vètyè : Nòt biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap okipe dosye Sitwayènte ak Patriyotis
Full Article 3 minutes read

Vètyè : Nòt biwo Minis delege bò kote Premye Minis lan k ap okipe dosye Sitwayènte ak Patriyotis

Pòtoprens, 18 novanm 2019

Biwo Minis delege pou koze  sitwayènte ak patriyotis lan salye  epi wete chapo l’ byen ba devan kouraj ak detèminasyon tout pèp ayisyen an.

Jodia fè jou pou jou 216 lane depi zansèt nou yo te reyalize sou ti bout tè sa a sèl grenn ak veritab revolisyon anti-kolonyalis ak anti-esklavajis nan mond lan. Toujou nan menm dinamik sa, zansèt nou yo te rive bat pi gwo lame nan epòk lan ansanm ak tout valè kolonyalis ak eksklavajis yo  t’ ap pwone epi pou nou te ka vinn sitwayen lib e libè atravè endepandans nou ki te pwoklame nan dat 1e janvye 1804. Non sèlman sa, zansèt nou yo te mete kolon blan yo deyò ak grandè dam, fyète ak manyè epi trase tout bon jan baz libète, jistis sosyal ak solidarite nan mitan tout nasyon an.

Depi  kèk  tan,  peyi  nou   Ayiti   ap  konnen  yon  kriz  malouk   ki  san  parèy.  Yon  kriz  ki  afebli   sistèm sosyo-ekonomik ak politik peyi an, kote anpil sektè enpòtan nan peyi an ap mache bwete,  espesyalman lekòl, biznis, inivèsite ak lopital yo. Sa rann tou anpil frè n ak sè n ap viktim chak jou ki jou.  Imaj sa tradwi refi nou pou n  mete tèt nou ansanm nan yon dyalòg san eksklizyon, menm jan zansèt nou yo te fè l nan Vètyè atravè yon chèn solidarite, yon fason pou nou kapab jwenn  solisyon dirab nou tout ap chache an, sa ki pou wete peyi n nan twou sa li ye jodia, yon twou ki kreye lamizè ak dezespwa.

Nan non Prezidan Repiblik lan, SEM Jovenel Moise ak Premye Minis lan, Mesye Jean-Michel Lapin, biwo Minis delege an ap pwofite de dat istorik sila a pou lanse ankò yon lòt apèl pou yon chita pale lajman laj ant tout pitit peyi an, ni sa ki isit, ni sa ki aletranje, paske li rete nòmal pwoblèm n ap konfwonte yo ka rezoud si n dakò mete tèt nou ansanm pou n travay pou bonè peyi an. Solisyon an pa nan men yon grenn moun, men li ka sòti nan nou tout si n chwazi pale ansanm tout bon vre.

Biwo Minis lan vle raple lit kont enpinite an, vyolans ak inegalite sosyal lan se zafè tout ayisyen san distenksyon. Moman an rive pou nou enspire de vizyon papa nanchon an, Jean-Jacques Dessalines ak tout lòt zansèt nou yo pou nou mete tèt nou ansanm, pou n fè yon sakrifis ki dwe depase ego nou chak, nan lojik pou n jwenn pi bon chimen ki ka ede n konstwi yon sosyete viyab, vivab, egalitè epi pwospè pou nou chak ka viv alèz epi kite yon bon eritaj pou tchovi yo ak sa ki gen pou vini yo.

FEN

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.