Now Reading:
“Wòch se premye pwen m voye deja’’, yon pwezi daki Ar Guens Jean Mary akouche
Full Article 3 minutes read

“Wòch se premye pwen m voye deja’’, yon pwezi daki Ar Guens Jean Mary akouche

Par Walner Olivier

‘‘Wòch se premye pwen m voye deja’’, se dènye zèv powetik Ar Guens Jean Mary mete deyò nan Legs Édition nan lane 2023. Se ak travay kreyasyon sila powèt la ranpòte, an 2022, Pri entènasyonal envansyon powetik (Prix Internanale de l’invention poétique) asosyasyon ‘‘Balisaille’’ òganize.

Se yon pwezi ki chita nan fondas reyalite peyi Ayiti. Se yon flonn pawòl daki, yon seri diskou polifonik. Tèks powetik la, se tou, yon omaj pou ewo nou yo, pou kèk grandèt nan latizay ayisyen.

Powèt la kanpe powèm yo pou voye nouvèl ale. Nan liy powèm yo, avètisman bay. Nou ka wè tou kèk mesaj ki nan tèks la tankou chandèl ki pou klere chimen lèzòt ki nan soufrans, lèzòt y ap bay kle kou, y ap eksplwate. Pa gen anpil tire-kwent. Li lonje dwèt sou pwa grate ki dekale tèt peyi a.

Beny eleksyon
bay gratèl
di pèp la sa
di l dwèt zòt nan sòs
kote je timoun Matisan
ap fwote delij (p.26)

Powèm Ar Guens Jean Mary yo manyen kòlèt plizyè sektè. Gen tèks ki touse tche wòb sou edikasyon k ap zoukoutap. Gen lòt ki chavire bònèt yo sou sistèm laswenyaj ki ap senyen mal sele. Pawòl pou sa ki trepase nan lopital pou mank degouden.

Isit manmzèl wè
tout doktè siye bouda
ak sèman Ipokrat (p.39)

Gen pwezi ki sonnen kou pawòl liminasyon. Se envokasyon papa nachon an, Lanperè Jan Jak Desalin. Se mesay pou Tousen Louvèti pou touse l jan peyi a nan ka. Pou sosyete a ki miwo miba. Yon lamantasyon pou Lareplik zòt ap senyen.

Annoulaye Desalin
gen lontan chèn Lamèsi
ap bouyi zen
tout reyalite w kase (p.41)

Fatra Baton
Baton k bat chen blan
Se li k pou bat rebelyon pa kè
pa pè sa sè m (p.42)

Feliks Moriso Lewa jwenn savalouwe. Nouvèl al jwenn li nan pye verite l sou sitiyasyon peyi n.
Nisan Patwòl lan pase
Moriso Lewa di
Mò ministè fre wi dò
Kou
Kola
Kenz (p.46)

Nan kout pye powèt la fè sou divès tèren, li wete chapo douvan yon atis pent ki make tan l. Yon jès lonè respè pou yon atis achitèk : Préfète Duffaut. « Youn nan pent batisè patrimwàn kiltirèl Ayiti ». Yon pent ki konsire kòm papa lekòl atistik nan Jakmèl, pou n reprann pawòl Marie Flore Domond, nan yon atik li ki pibliye sou sit Potominan.

Préfète Duffaut
Kraze bwat sekrè miwa
pawòl floup
flòp
nan kuis penso

ayizan
karavèl men w soti lwen
pi lwen pase Lanina
Lapennta
ak lòt ti bouzen an

di m manti
eskè vil imajinè konn mande powèt viza ? (p.37)

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.