Now Reading:
Yon atelye ekriti espesyal an prive pou atis ayisyen
Full Article 3 minutes read

Yon atelye ekriti espesyal an prive pou atis ayisyen

Lord Edwin Byron

Pwezi ak mizik se de eleman ki marande. Gen moun ki idantifye yo kou de sè. Gen lot ki di tou mizik se yon atizay pou kò l. Donk li gen pwòp fondman estetik li, san pawòl ak/oubyen pwezi pa toujou oblije la. Men tou, nan lojik vwa ak enstriman konn makonnen pou eksprime kichòy, toulede ta dwe reponn ak kèk kritè, si nou ap gade dimansyon atistik ak enpak emosyonèl ak espirityèl yo ka gen sou moun.

Nou ka konstate plizyè gwoup ayisyen, malgre gwo jefò ki fèt pou monte nivo estil mizik y ap jwe, konn pa rive jwenn bon mannyè pou eksprime kèk lide ki ta ka satisfè kiryozite melomàn yo. Sa rive se tèks la ki pa kòdjòm. Dìvès rezon konn lakòz : konn manke amoni ant estil mizik la ak fason sijè a trete, dèfwa tou li konn pwoblèm leksikal oubyen semantik oubyen pwoblèm nan jan sansiblite atis la manke rejwenn imajinasyon l. Sa vle di angwo, se pa toujou moun ki maton nan kesyon an ki fè travay la.

Nan sans sa, Christ-Falin Oralus, ki se anseyan, ekriven e ki gen yon fòmasyon nan lèt modèn ak filozofi, pwopoze yon kou espesyal pou atis. Daprè M. Oralus, lide yon kou prive pou atis yo, san nou pa ekate anpèchman anpil nan yo ka genyen ak kontrent tan, ap enpòtan anpil nan karyè pwofesyonèl yo. « Majorite atis ayisyen mennen metye pawolye an menm tan. Nou pa mennen etid sou sa men se sèten nou konnen pa gen anpil pawolye k ap vann pawòl mizik nan biznis lan. Se souvan yon pataj ant atis ak atis », se konsa li te rapousuiv.

Kou espesyal sila gen twa objektif, premyèman pou ede atis la nan pwodiksyon kreyòl, dezyèman, nan ekriti powetik ki ap enpòtan anpil pou yo paske kèlkeswa sa y ap pote kòm emosyon an, yon zetensèl pwezi ka ba l zèl pou l touche moun nan fondè nanm yo epi anfen ede atis yo nan ekriti enklizif, sa vle di, ede yo itilize tèks yo pou vann yon sosyete jis epi ekitab pandan y ap evite ekspoze kliche ak estereyotip nan tèks y ap pwodui yo.

Atant inisyatè pwòjè sa, se rive, nan yon premye tan, konsyantize atis yo sou nesesite pou tèks yo bon sou kèlkeswa sijè y ap manyen. Paske divèsite pa gache ekspresyon estetik, okontrè li mete diplis nan nivo atistik ak kreye santiman sipriz kay moun k ap konsome yo. Boutofen, anseyan an swete yon jenès ki plis kiltive. Si mizik se byen kiltirèl ki plis aksesib, ki plis difize epi jèn yo plis konsome ebyen apre detant ak amizman, mizik la ta dwe yon zouti pou transfòme lavi yo.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.