Now Reading:
FÈL Kreyòl : yon festival pou kore pwodiksyon kreyòl la
Full Article 3 minutes read

FÈL Kreyòl : yon festival pou kore pwodiksyon kreyòl la

Otè Valéry Gérome

Nan prezans medya, òganizatè premye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl bay, jounen madi 3 desanm 2019 nan, nan lokal Direksyon Nasyonal Liv (DNL), yon konferans pou laprès. Sou tab la, te genyen : Anivince Jean Baptiste(Prezidan Festival la), Fred Brutus(PDG C3 Edisyon), Manno Ejèn(Envite donè), Wilson Paulemond(Direktè Liv DNL), Lyonel Sanon(Reprezantan Inivèsite Leta Ayisyen), Jaury Mandela Jean-Enard(Lakou Kajou) ak Gertrude Séjour (reprezantan fondasyon Maurice Sixto).

Manno Ejèn nan kad atelye kreyasyon pwezi ki te fèt nan DNL

Li te fè onzè nan maten lè powèt Anivince te pran lapawòl pou bay diferan aktivite k’ap genyen anndan festival la, aprè lòt patnè yo te fin bay avi yo sou kokenchenn aktivite sila. Li pale pou l di: “Jodi a se yon gwo defi nou leve aprè yon pakèt difikilte nou pran nan kad peyi lòk ki mete an feblès kalandriye festival la”. L ap kontinye: “se vre se pa fasil pou nou te kòmanse men gras ak patnè  nou yo plis detèminasyon ekip festival la n ap lanse festival la definitivman mèkredi k ap 4 desanm nan, nan lokal “Cafe tap tap” ki tabli kò l nan tijo. Pou premye edisyon festival la, se  Manno Ejèn ki envite donè.

Imaj seminè kominikasyon kreyòl nan medya nan kad premye edisyon FEL Kreyòl

Fred Brutus salye inisyativ sa pandan l profite rantre nan nannan pwoblèm edikasyon nou an ap sibi viv la. Daprè reprezantan edisyon an, pwoblèm nan se nan baz la li trouve l; toutotan se etranje k ap ban nou bon jan edikasyon n ap toujou sibi jan de pwoblèm sa yo.

Reprezantan fondasyon Maurice Sixto ak sekretè Akademi Kreyòl Ayisyen  madam Gertrude felisite Powèt Anivince k ap pote pwojè sila. Li manifeste kontantman li pou travay ak kolaborasyon akademi kreyòl la ki pat refize anbrase lide festival la lè Anivince  te fè pwopozisyon an.

N ap raple Festival entènasyonal literati kreyòl (FÈL Kreyòl) la ap fèt nan dat 4 desanm pou rive 8 desanm.

Objektif festival la se fè konnen tout otè ayisyen ki pibliye nan lang manman ak papa yo.

______________

N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.