Now Reading:
Istwa kèk bèl chante nan Peyi Ayiti
Full Article 2 minutes read

Istwa kèk bèl chante nan Peyi Ayiti

Par Mérès Wèche

C’est une série de textes titrée « Kozman », produite par l’écrivain, peintre et critique d’art, Mérès Wèche. Des textes d’une rare beauté qui se situent dans le croisement du conte et de la poésie. Dans cette nouvelle série, l’auteur va à la rencontre d’une série de chansons célèbres du répertoire musical haïtien.

Kozman 1

Depi dik dantan, n ap tande kèk bèl chante lakay
Men, nou pa janm konnen kiyès ki te konpoze yo
Lè konsa, touris showbiz yo antre vin pran piyay
Sòt ki bay, enbesil ki pa pran, apre nou fin awoyo

Kozman 2

Anpil nan chante Limann Kazimi ak Mata Janklòd
Pase sèlman pou bèlte, men yo toujou san istwa
Sa k pou Molen ak Siliyis, tout tonbe nan dezalòd
Tout pase tankou yo konn diː nan “piyay Maglwa“

Kozman 3

Lòtrejou, mwen te vini ak ka “Choucoune“ nou an
Ki tounen “Yellow bird“nan bouch Harry Belafonte
Nanpwen pyès moun ki te janm anpeche l vin pran
Okontre, si m di sa, m riske pase pou yon efwonte

Kozman 4

Lanne pase, m te soulve ka mizik lakay “Anba Wozo“
Ki se zèv yon ansyen sanba rara nan konmin Bomon
Tout moun rekonèt siksè chante saa ki fè nou si bòzò
Men poutan se zèv yon sèten Siliyis, si li bon di l bon

Kozman 5

Twoubadou Molen menm nan Kavayon, saa se pa pale
Atis ayisyen, kon etranje, souse l, ou ta di yon po kann
Touris antre, touris tande, touris tounen, pran pote ale
San yo younn pa janm panse pote anyen retounen bann

Kozman 6

Sa k pi rèd la ann fè yon ti retounen sou Harry Belafonte
Se pa sèlman “Choucoune“ li pran, eske nou te konn saɁ
Li pran “Matilda“, ki se mizik Molen, ni “Panama m tonbe“
Li met tout an angle pou l gaye Ozetazini sa n rele kalinda

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.